A Zeno Media Station

Li rele Lamy Georges, anpil moun lan antouraj li konnen li sou non jwèt li ki se « Tèt Kabrit », ansyen jwe basket, animatè radyo ak Direkte pwogramasyon Radyo Mega, li te fè yon pase nan ribrik « Kwen Diskrè » J-COM lan pou li te fè yon ti pale de li.

Ann li Lamy lan ribrik « KWEN DISKRÈ » JCOM pou semen sa.

1) Pale nou de Lamy Georges?

An gro, mwen se Georges Lamy , nèg Jeremie , mwen fè tout klas mwen nan ville la , préscolaire jiska filo , Mwen se jounalis kiltirel epi mwen se direkte programmation Pi gro radio peyi ya lolll #Radio mega lolll

2) ki kote nom tet kabrit la soti ?

fok mwen ta rele #JCOM nan leta oui pou kesyon sa lolll, se yon zanmim ki rele Welchard Domande ke tout moun jeremie konnen li sou nom ( chacha) domaj li mouri sa pa gen lontan , se li menm ki te banm nom (tet kabrit) la, se te jan fòm tèt mwen te ye lè mwen te timoun kondisip mwen yo te kon ap trip sou mwen lè sa mwen te lekol frère Paulin ( kay frè )

3- Premye experyans ou nan radio kijan sa ye ?

Wow kesyon fèm fremi oui lolll
Li pat fasil ditou, wap fè emisyon pa gen klimatisè, kouran ap koupe, delco ap etenn sou ou lolll anpil desepsyon, mwen pat santi doulè yo paske te gen anpil pasyon, lanmou ak foli, paske fok mwen te jere lekol la ak radio a ansanm , so pa bliye Mwen komanse nan Radio Jeremie Nouvelle , mwen aprann opéré e mwen fe debi mwen tou nan animasyon, e mwen aprann anpil De Daniel St Jean PDG radio ki se premier modèl mwen nan zafè animasyon e li ki te banm chans komanse bò kotel e ki pranm fem dekouvri tout talan ak kapasite mwen genyen pou avanse nan domèn sa. mwen fyè de sa ke li kite nan domen lan , e mwen sur ke li fyè jodia kote li wem rive an ..big up

4) Palem de experyans ou nan Mega ?

Komansman mwen nan Radio Jeremie te pèmet Mwen fe konesans avèk Radio, pasaj mwen nan radio Tropic fm antan animatè ak direktè programasyon apran mwen anpil de Radio, ki pral fasilite tache mwen nan Radio Mega, poum rezime se youn nan pi gro e pi bel experyans map viv Nan Radio paske lòt media yo mwen tap apran men nan Mega se la consecration, le succès, la popularité, en faite concrétisation de yon reve ki lontan ap karese, avek Mega oblige vinn plis disiplin, responsablite yo pa piti sitou pou wap jere programasyon yon radio ki gen tout ekout sa , nou gen frekans pa nou nan chak vil provens, epi 2 frekans sou miami plus kapital la, so tache la pa piti men nou ap jere ,,,juske la bel experyans

Articles Similaires  Lettre ouverte aux défenseurs des droits humains, aux membres de la presse.

5) ki premye sèn jalousiw ?

Mwen tap jwe yon match pou College St Louis Epi mwen te invite menaj mwen nan epok la pou li vinn gadem kap jwe, match poko komanse mwen we youn nan pi gro flanne college la al chita bò kote li, mwen te dekontrole sou terrain an loll mwen telman vinn ap mal jwe Coach la desann Mwen lolll epi mwen te tou profite al pete koken ak yo lollll

6) konbyen pitit ou genyen ?

Non lolll mwen poko genyen ,,,,,

7) konbyen fwa yon gason filew deja ???

Non sa poko rive m ,, ,,?

8) aprè radio kisa ou fè ?

Apre radio mwen swiv passion coeur mwen anko ki se RADIO ,, ,,, lolll non stop 🛑 #gazkole !!!

9) ou gen ide tounen jeremie?

Yes of course , menm jan ak anpil lòt jeune kap goumen nan kapital la, mwen gen poum tounen nan vil natal mwen, pou mwen remet li tout sa li te banm mwen se yon devwa, epi un jour viendra la fatigue, se lakay wap ka pi byen reposew , epi mwen gen anpil bel projè map travay sou yo, pou nou wè kijan nou ka ede jèn yo pou formation , epi investi nan ville la tou ,,,gen bagay kap vini lolll

10 )ki pi vye bagay ou fe pou kob ?

R) lollll vye bagay non , never , je gagne peu , mais le peu que je gagne , je le gagne bien,,,,,,

11) pale nou de moun ki nan viw Kounyea la ?

lollll pou Kounyea mwen sèl, mwen pa gen moun nan vim ,,,

12- siw ta gen bagay pou chanje nan pasew kisa li tap ye?

mwen tap pral efase klas segond ke mwen te double 2 fois so doulè sa pat piti , men ak anpil kouraj mwen simontel, epi mwen rive kote mwen ye kounyea men malgre sa mwen pa ka anpeche li rete yon sikatris, tet mwen pa meritel

13) premye fwa ou te fè yon fi jete pitit pou , ki laj ou te genyen ?

R) lolllll non mwen poko sa

14 )ou gen ide fe radyo paw , si wi kijan wap relel e ki kote ?

R) yes of course , li ta sipoze rele ” star a la une ” pou rann omaj ak premy emisyon mwen te konn fe lè mwen te komanse nan jeremie ki te rele “star à la une ” ki te konn pase sou radio jeremie nouvelle, se ta pwal yon bel platfòm tou pou tout jèn nan vil la ki vle aprann de experyans mwen m, men se lè mwen pral mete fen nan karye m kòm animatè lolll li bonè toujou nou poko la.

15) premye fwa ou te vwayaje kijan sa te ye ?

Wow mezanmi, premye fwa mwen te vwayaje se te nan ane 2013 mwen te ale Guadeloupe nou te al represente Haiti avek ekip Jean jean Roosevelt nan youn pi gros festival ki fèt nan Caraïbe la ki rele (festival terre de blues) ki te fèt sou yon île ki rele ” marie galante ” so se te gro experyans ki pral fe we Kijan festival international òganize, epi rankontre anpil gro vedè entènasyonal epi gro media tou , mwen ta pral dekouvri tou kijan moun en Guadeloupe renmen misik ayisyen sitou konpa , se te yon experyans ki aprann mwen anpil

Articles Similaires  Jérémie-Coronavirus: Absence de masques, les personnels hospitaliers s'inquiètent

16) kisa lwayote vle di pou ou ?

Anpil bagay koz si ou gen yon objektif ou pa lwayal ak tet ou ou pap ka atenn li, e si ou pa lwayal ak moun ki nan antouraj ou finalman ou pap viv pou kont ou, lwayote pou mwen c respekte mo w, fe aksyon yo nan plas yo epi c yon devwa de memwa ak onètete

17) bay jen kap komanse nan radio yon konsey ?

Map di tout jèn kap komanse nan radio fe sa kè yo vle paske se tèt ou ak kè w ki ap deside so si ou wè Lamy Georges ap byen pase sou Radio Mega epi oui mwen pral fe radio tou non fok ou deside ak nanm ak tout kè w paske chemen an pa fasil, radio se tankou yon sacerdoce, so map di jèn yo travail anpil, toujou rete focus, chwazi bon modèl epi ale lekol sitou tande pi gran mande konsey epi denye bagay ki pi important se reve Gran.

18) kisa ou gen nan tèt ou pou jeremie?

Anpil bèl projè ke Mwen poko ka devwale, men projè ki pi pwoch yo avek radio Mega tout ekip la ap vini jeremie pou nou vini fe emisyon espesyal sou vil, epi avek staf òganizatè “jeremi rejwen ” la nou ap planifye bèl projè ki ap vini sitou sou edikasyon, epi tout staff ekip tigers la ki ap antre pou Saint Louis kap vini pou ale ede kek fanmi nap pote sipò nan espòt la ect lolll bagay kap vini yo anpil lolll

19) kiyes ki modèl ou nan radio ?

Nan zefe radio premye modèl mwen c te pral Daniel st jean nan kesyon animasyon kòz depi lè mwen timoun map leve c li mwen te konn ap tande sou radio grandans ak tet ansanm men apre sa mwen yon ti bagay nan chak moun pa exanp, mwen te renmen style Pierre James lè li konnen anime show de hit, mwen renmen tempo louco, mwen renmen intonation Mike on the mike, mwen te renmen Kalm djo Damas, langaj BS, metòd Josias , jeux de mots Beauchamps, atak Guy jean deyo yon micro , epi Disiplin Alex saint surin deye yon micro so yo anpil mwen aprann de chak moun ki gen talan, voila

Articles Similaires  Pas de chanté nwel et le carnaval annulé en Guadeloupe.

20- di nou 3 bagay de vi w ke peson pa konnen

Wow lollll gadon w kesyon lollll
anpil moun pa konnen si mwen te yon gro desinatè (mwen te kon fe dessin byen )
2) mwen pa konnen Nage lollll🏊‍♀️
3) epi bizarre malgre mwen jeremie tout moun konn we mwen devan nan “jeremi rejwen ” mwen pa manje TonmTonm ( pa repete sa fo non ) lllollll

21- chak konbyen tan ou mastube ?

Kesyon sa a lou lollll
Mezanmi mwen pa yon adepte, men mwen ka di 2 fois , premye fwa se te yon fi mwen te vle montre feeling lan paske nou pat ka fini lolll epi 2 fois mwen te vle eseye pou we si mwen ta jwen feeling anko se pat la ka depi lè mwen di pa la peine , mwen pa retrouve m ladanl

22- ki pi gro souvni w avek Tempo ?

Wow, fok mwen diw mwen integre ekip Tempo lè sa mwen te gen 13 zan selman mwen te nan 7em collège Saint louis ( kite m fe ti djolè sa ) nan tout listwa espò nan jeremie c pour la premyè fwa yon minè de 13 zan pral jwe nan yon Ekip senior lollllll pi bel souvni mwen te gen de Tempo c yon let ke coach mwen nan ekop la Paul AlTidor ex Anbassadeur haiti nan Washington te ekri moun lakay mwen yo pou mande yo pèmisyon pou yo te kitem ale jwe premye match mwen ak tempo , sa te makem anpil paske mwen pral santi valè mwen nan kay la , epi tou c premye fwa yo pral pale Papa m de basket epi li oblije souri pa rapport a let la li te santi onore ( jiskaprezan let sa la ) lolll respect #Polo

23- ki pi gro déception w nan viv w ?

Mwen double klas segond 2 fois , mwen poko jan pi gro déception ke sa nan lavil m

24-ki pi vye bagay ou fe yon moun ?

Lolll non mwen pa konnen sak ka rive Mwen fe yon moun bagay dwol san mwen pa rann kont , mwen pa konnen, mwen pa moun kap blo moun si sa ta rive Mwen san mwen pa konnen mwen ap tou mande moun Padon la li pa ka pa konn li Jcom lolll

25 – Si ta gen yon moun ki gon pwoblem, li mandew pou pase yon anons pou li, eske wap mandel touche avan ou travay

25- R ) non mwen pap mande touche anvan, paske yon vi c yon bagay important, jan mwen te dil taleu ya , métier journaliste la men jan ak yon Prêtre , yon policier ,ou byen yon médecin li (sacerdotale ) anvan tou c angajman pou sevis kominote , avan tou c pa lajan an

Map profite di tout staff jcom la pou bon travay, mwen renmen jan nou ap grandi a, mesi paske nou te chwazi m pou m patisipe nan kwe distrè, bon Mwen renmen nou anpil.

By Annie Star Naggaie Martine Boyer

Étudiante en psychologie et Odontologie.

Open chat
1
Helle , comment on peut vous aider ?
Situé à Jérémie depuis 4 janvier 2016, JCOM Haïti est le seul média en ligne du département de la Grand'Anse. Nos équipes rapportent chaque jour l’abandon du département par les autorités, les multiples difficultés structurelles, de l’agriculture aux problèmes d’infrastructure, et conjoncturels. JCOM ouvre la Grand'Anse au reste du monde en rapportant les actualités politiques, sociales, culturelles, économiques et sportives.

Merci de nous contacter.

Website : jcomhaiti.com/

Suivez-nous sur Twitter, Instagram @jcomhaiti

Abonnez-vous à notre Channel YouTube :

https://www.youtube.com/c/JCOMHaiti

Contact: +509 34342038 jcomhaiti@gmail.com

Pas d’événement sans J-COM!!!