Sou tout fas tè a, Legliz Katolik Apostolik Womèn ap fete Sakre Kè. Se yon fèt tout Legliz la kontanple yon fason espesyal Kè sakre Jezi Kri, ki se senbòl lanmou Bondye a. Nan lanmou sa, Pitit Bondye a vin tounen moun epi li bay vi li pou tout moun (Jan 3, 16). Fèt Sakre Kè toujou selebre twazyèm vandredi aprè solanite Pannkot la.
Gen 3 gwo pwen ki eksplike orijin ak elajisman langaj Sakre Kè a:
Premye pwen an chita sou aspè biblik la.
Fok nou di klè ke pa gen yon kote nan Bib la ki ekri Sakre Kè oubyen Kè sakre. Men Legliz la jwenn sans devosyon ak Sakre Kè a depi avèk Apot Jan ki sen, nan jès li te fè a, lè li te repoze tèt li nan pozisyon kè Kris la nan jedi sen an, nan dènye repa a (Jan 13, 23) ak lè li te temwen Kè Jezi ki pèse nan vandredi sen an, dènye soupi Granmèt la (Jan 19, 34-37).
Dezyèm pwen an soti nan esplikasyon ak anseyman anpil sen nan legliz la.
Plizyè sen nan pakou yo te toujou itilize langaj Kè sakre a pou pale de Jezi Kri, Pitit Bondye a, ki se Pitit Lavi ki soti nan Lavi epi ki pote lavi pou tout limanite a. Kèk Sen ki pale sou koze Kè sakre anpil, nou kapab site non sa yo: Sent Katrin de Syèn, sent Jètrid de Elfta, sen Franswa de Sal, ak plizyè lòt anko. Yo te toujou santi epi konprann ke Kè Jezi a plis ke espesyal pou sipòte tout kalite doulè. Malgre soufrans li, li toujou rete ak chalè lanmou li pou tout moun, li kontinye ap aji nan pote soulajman nan soufrans chak moun, pote gerizon pou malad yo. Nan yon tan ki te vin rive, gen yon relijyèz ki rele Magerit Mari Alakòk, nan yon kouvan, yon kote ki rele “Paralemonyal”, ki te fè plizyè fwa vizyon kote Jezi Kri vin pale ak li, pou konsakre’l sou vokab Sakre Kè a, ki siyifi ke kwa li a, tout soufrans li yo se pou peche nou yo, pou tout lanmou nou manke. Sa te soti nan lane 1673 rive nan lane 1675. Se sen Klod Lakolonbyè ki te ede li gaye nouvèl sa, pou fè onè Kè sakre Sovè a. Te gen lòt revelasyon ki te fèt toujou, tankou sè Ann Madlèn (1696-1730), li ki te youn nan sila yo ki tap anonse toupatou devosyon pou Sakre Kè, san pale sou mèvèy ki te fèt nan Masèy pou te kwape lapès, nan lane 1720. Gen sen Madlèn Sofi (1779-1865), sen Michèl Garikòyt (1797-1863), byennerez sè Mari de Jezi krisifye (1846-1878), byennerez Mari Diven Kè (1863-1899)…
Twazyèm pwen an soti nan dokiman legliz la ki pale sou koze fèt Sakre Kè a
Se Pap Kleman XIII (trèz) ki te mete fèt lan ofisyèl nan lane 1765. Epi Pap Pi IX (nèf) nan lane 1856 te vin elaji’l nèt pou tout legliz la, ki gaye sou tout fas tè a. Gen 3 ansiklik, (*ansiklik se yon lèt ofisyèl ke Pap la ladan’l adrese’l ak plizyè moun nan tout kwen nan koze dòg ak doktrin Legliz la), ki pale sou devosyon Legliz Katolik Apostolik Womèn nan gen ak Kè Sakre Kris la. Ansiklik sa yo se : Annum Sacrum (Leyon XIII « 13 » ane 1899), Miserentissimus Redemptor (Pi XI « 11 », ane 1928) epi, Haurietis Aquas (Pi XII « 12 », ane 1956).
Pou byen ede nou konprann toujou, gen kongregasyon kilt diven ki di klè ke : Ekspresyon « Sakre Kè » a se mistè Kris la menm li ye, sa vle di tout sa l ye nèt oubyen nannan fon kè (zantray) ak esansyèl sa l ye a, ki se : Pitit Bondye, Sajès, Sila ki pa yon kreyati a, Lanmou toutan ; Sila ki se Sovè a epi kap sanktifye limanite a… (Referans : nan « le directoire sur la piété populaire et la Liturgie » ki te pibliye 9 avril 2002).
Pami tout pawas ki gen devosyon ak Sakre Kè nan mond lan, nan dyosèz Jeremi an, san site kèk chapèl, gen de (2). Premye a se nan zòn Karakoli li sitiye nan vil Jeremi menm. Pawas sa fonde nan ane 2003. Se Reveran Pè Pierre Mariusnèl JEAN ki kire fondatè. Li te pase 7 mwa la (9 fevriye – 22 septanm 2003). Aprè te vin gen Reveran Pè Bernard Louis RAYMOND (2003- 2015). Anfen, Reveran Pè Pierre Mariusnèl JEAN nonmen yon dezyèm fwa (2015 pou kounyea). Dezyèm lan se nan zòn Ranja, ki sitiye andeyò kè vil la. Pawas sa fonde 4 jiyè 2021. Se Reveran Pè Willy TELLISMA, ki kire fondatè a. Responsab pawas sa ak fidel li yo ap fete yon ane gras 3 jiyè 2022 a.
Gen anpil moun ki gen devosyon ak Sakre Kè nan mond lan. Chak jou pi plis, anpil fidèl temwanye mèvèy Sakre Kè fè pou yo. Sitou nan dyosèz Jeremi an, sila yo ki gen devosyon ak Sakre Kè: sa kite malad ki geri; sa yo tap pèsekite jwenn delivrans; sila yo ki te bloke nan travay yo, libere; sila yo ki te fin pèdi tout lespwa rejwenn lespwa pou viv; elatriye. Sa montre ke Jezi Kri fidèl yo gen gwo atachman ak li a, sou non Sakre Kè a paske li toujou ap aji pou byen tout sila yo ki nan tout kalite pwoblèm. Menm li menm ki te la yè a, se li ki la Jodi-a, se li k’ap toujou la, li menm ki se sous mizerikòd, flanm lanmou Bondye a.
Ane sa a, malgre soufrans sou tout fòm ki ap wonje mond lan, sitou nan peyi nou Ayiti, tout kretyen, toupatou, envite pou priye youn pou lòt, pou Kè sakre Kris la, ki se sansiblite, ki se flanm lanmou ki pap janm tenyen an, kontinye aji pou kòz limanite ki nan danje anba tout kalite viris : Gè, Ensekirite, Maladi, Teworis, Kidnaping, pou nou rive gen yon mond kote kè tout moun va sanble avèk Kè Jezi Kri, ki se Tabènak Renmen an.
Otè Reveran Pè Pierre Emmanuel AZOR.