|

Aksidan sikilasyon grav sou Wout Nasyonal #7

Yon aksidan sikilasyon grav rive sou Wout Nasyonal #7 la, apresmidi lendi 9 fevriye 2026, la ki lakoz yon moun pèdi lavi li epi yon lòt blese grav nan zon Fon Baya, komin wozo

Daprè premye eleman enfòmasyon yo, yon motosiklèt ki t ap transpòte de (2) pasajè, yon fi ak yon gason, antre an kolizyon ak yon trelè. Gason an mouri sou plas, tandiske fi a blese grav epi yo transpòte l an ijans lopital pou l resevwa swen nesesè. Pandan nap ekri teks sa, pa gen okenn enfòmasyon ofisyèl ki pèmèt detèmine sikonstans egzak aksidan an.

Nan okazyon sa a, JCOM pwofite lanse yon apèl bay tout kondiktè yo pou yo fè plis pridans sou wout yo, nan lide pou evite lòt trajedi konsa.