|

Anse à Maçon : Yon jenn gason asasinen anba kout kouto sou baz jalouzi

Yon gwo ensidan pase yè 6 janvye 2026 nan lokalite “Anse à Maçon “ sou zile kayimit kote yon jenn gason ki rele Wis Jeudy pèdi lavi li apre li fin resevwa plizyè kout kouto.

Daprè enfòmasyon ki disponib yo, sispèk la, Watson Fils, ta komèt zak kriminèl sa nan fè jalouzi pou yon fi. Aprè atak sa, viktim nan pat rive siviv paske blesi yo te grav.

Aprè zak la, Watson Fils te kouri al nan mawon, pandan otorite yo ap chèche mete men sou li. Li enpòtan pou raple ke depi aprè disparisyon Lame Dayiti, pa gen okenn prezans fòs polis sou zile Kayimit. Sèl otorite leta ki sou plas la se jij de pè Louicera, ki ap jwe wòl otorite jidisyè nan kominote a.

Sitiyasyon sa a kontinye soulve anpil enkyetid nan popilasyon an, pandan lap tann entèvansyon otorite konpetan yo.