Jodi jedi 5 mas 2026 lan, yon ensidan vyolan rive nan Lekòl Nasyonal Moron an. Yon elèv ponyade ak 2 kout kouto nan lestomak yon lòt kamarad li ki rele Gilot Wilber ki gen anviwon 14 lane.
Selon temwen yo, konfli a ta eklate ant 2 elèv yo anndan etablisman an. Nan konsa, youn nan yo pran yon kouto epi l blese lòt la. Sila ki viktim lan te pran premye swen avan yo te transpòte li nan yon sant sante nan zòn lan. Vè midi kenz, sant sante a te deside refere malad la pou Lopital Sen Antwan nan Jeremi pou plis swen.
Polisye nan zòn lan, kanta pou yo, te entèvni rapidman epi mete elèv ki fè aksyon an anba kòd.