Pa gen evenman
san JCOM

Jeremi : meri a pran mezi strik sou transpò nan vil la

Komisyon Minisipal Jeremi an pibliye yon kominike jodi 5 septanm lan pou mete lòd nan transpò piblik ak sikilasyon nan vil la. Mezi sa yo pran sou baz atik 72, 73, 74 nan Konstitisyon an ak lwa sou kolektivite yo.

Daprè kominike a, depi piblikasyon dokiman sa a, tout chofè moto entèdi pote chay tankou sèkèy, fè, tòl, matla, ak lòt gwo chay nan vil Jeremi. Tout moun ki pa respekte desizyon sa a ap oblije peye 5 000 goud epi ka pase 1 mwa nan prizon.

Nan menm kominike a, majistra yo fè konnen tout chofè kamyon ak gwo machin (trailer) dwe itilize ri Sténio Vincent (anba lavil la) sèlman ant 6è nan aswè rive 6è nan maten. Tout moun ki pa swiv règ sa a ap oblije peye 25 000 goud epi ka pase 2 mwa nan prizon.

Screenshot

Otorite yo presize mezi sa yo ap aplike san pèdi tan, depi jou piblikasyon kominike a.

REJOIGNEZ NOTRE NEWSLETTER
Et soyez averti chaque fois que nous publions un nouvel article de blog.
Retour en haut