A Zeno Media Station


Yon vwa kap chamew, diva sa kap grandi chak jou, chanpyon nasyonal ki pap fè bak devan oken obstak, Enfimyè ki vle kontribye lan chanjman peyi li, Crescendo se li, yon « Queen » ki gen kontwol wayom li poukont li akoz ansyen King lan potko ka jere pwisans sa.

1- Nou kontan rejwen ou sou panel JCOM lan pou ribrik “kwen diskrè” a, Judeline pale nou de ou.

Non pam se Cenatus Judeline , mwen gen 25 lane, mwen se yon enfimyè diplome, youn lan pasyon mwen se chante ak mizik.

2- Anpil moun konnen sou non atis ou kise Jayssie Queen, kote non sa soti?

Jayssie a li soti nan nom mwen men li pat ekri konsa, se te J-C ki vle Di Judeline Cenatus, Queen nan se moun yo ki metel a koz de ansyen menaj mw kite gen king nan non atis li.

3- Sa ki make ou lan pakouw antan ke atis?

Mwen sonje premye eksperyans mwen se nan yon konkou ke “Tchaly’s Production” tap organise mw te arive premye, apre mw vinn jwenn pwoposisyon ale nan CRESCENDO mw vinn ap chante an band se te Yon bel eksperyans, sa la anpil moun vin dekouvri kiyes ki Jayssie a.

Yon lot moman ki make mwen kan karyèm se lè mw te arrive championne nationale nan yon konkou ke Institut Française te oganize.

4- Jodi a li klè ou prezantew kom youn lan lead yon jèn gwoup ki rele Teknik eske piblik la ka konsidere Jayssie pa fè pati CRESCENDO anko?

Oh non Jamè!! 😀😀Crescendo se group fetich mw , group prefere mwen, nap viv nan yon peyi kote patriaka a fò, se gason ki domine e nan mond mizikal la tou se konsa li ye. Donk a chak fwa mwen jwen envitasyon poum jwe ou chante pou yon lot group , map fè li , se yon fason poum leve tabou sa e ankourage medam yo nan domaine sa .

Articles Similaires  Un médecin sévèrement tabassé par un individu à l'hôpital Saint-Antoine de Jérémie

5- Konnye a an nou fè yon lèse atis lan, ann pale de Enfimyè a, si ou ta gen posiblite pou chanje 3 bagay nan fason malad yo ap resevwa swen lan Jeremi sal tap ye?

Pwoblem yo se pa Jeremi selman.
Premye a se fason leta konsidere lopital yo Ayiti, se fason yo ankadre lopital yo, Doktè, Enfimyè yo ak lot pèsonel yo, ki pa bon.

Dezyem lan se neglijans kek pèsonel responsable genyen fas a pasyan yo.

E pou mwen fini, fason yo neglige moun ki soti nan seksyon kominal yo , souvan yo pa jwenn la swenyag vre.

6- Jayssie fiyanse, marye ou byen gen yon moun nan vi li?

Jayssie gen plizyè Moun nan vil 😂😂😀 , atis la bezwen anpil Moun. 😂

7- Nou raple nou de ralasyon ou ak rapè John Last, sak te pase menm kifè separasyon te vini mete pyè ak jèn atis sa?

Separasyon mizikal ou lot? Nou pa separe lan sa ki gen pou wè ak mizik, paske se nan menm mond lan nap evolye.

Separasyon santimantal?

J’ai des visions et des objectifs, je dois travailler pour mon développement et celui de mon pays. Une fois ou nan yon wout li pa klè pou ou , ou oblige tounen.

8- Lè yon fi filew ki premye reyaksyon ou?

Sa poko rive mw , si yo fèl tou mwen pa konnen. Mond sa pa enterese mwen , sa pèmèt ke mwen pap konprann si yon flannè femèl te rive sou mw. 😀

9- Lan pakouw kom jèn atis, ki pi vye propozisyon ou jwenn deja ?

Articles Similaires  Quand les Juges sont victimes d'abus de pouvoir du CSPJ

Jwenn yon moun di lap edew san enterè li difisil ,se opotinite pal lap chache . Ou gran timoun ou konpran sa mw vle di a.

10- Kiyes moun ki pi enpòtan nan vi ou ?

Lè ou di kiyes ou vle pale de yon moun ou byen plizyè. Si se yon moun konnen se Bondye paske mwen se yon kwayan, si se plizyè moun , Manman mwen ,yon ti frem mw ak yon bon zanmi mwen.

11- Jaysie ka konte ansye menaj li yo sou dwèt, pa vre?

Ohhhhh mw pa raplem. 😀😂

12- Ou gen yon pwojè wap travay sou li kounya a?

Wi mwen gen yon oganizasyon enfimyè benevola mw vle monte, yon fason pou nou ede popilasyon vil Jeremi e lot kote lan peyi ki lan nesesite swen.

13- Vann tèt ou nan yon kout mesaj.

Mwen se Judeline Cenatus enfimye de metye sa kem renmen anpil, youn lan pasyonm yo se mizik, ladanl mw eksprime santiman mwen, emosyon mw ak anpil lot anko. Mwen poko konsiderem kom yon pwofesyonel men talan an la nap travay pou sa.

14- Denye fwa ou te fè yon pa chat sou menaj ou e poukisa?

Mwen pa ka twonpe moun, mw plis ka twonpe tèt mw . Mw pa songe mw te fè sa . 😛

15- Apa de metye enfimyè a, Judeline gen pou aprann lot pwofesyon?

Espesyalize mwen nan domen sante pa egzanp (sante kominotè ak fanmi ).

16- Denye fwa ou te bay manti se te poukisa?

Se te yon fwa mw te gen poum ale jwe yon pwogram, Lè mw aprann pap gen gwo lajan e sa mw pral jwenn lan pap ka fe anyen, nan denye minit, mw di ke mwen malad , mwen pap ka ale jwe.

Articles Similaires  Des journalistes et médias de la Grand’Anse Honorés dans la ville des Cayes

17- Bay yon konsèy a tout moun kap li ribrik la ?

Renmen tèt yo, renmen moun ,ankouraje jèn yo, sispan fè vye kritik chak moun gen Yon vi , respekte vi yon moun.

18- Ki pi gwo defòw?

Mwen emosyonel anpl.

19- Kisa ou anvi reyalize ou poko fè?

Komanse espesyalize mw nan domen sante , jan ke mw te dil talè a a . Map travay toujou pou lisans leta pral ban mwen an.

20- Ki pi gwo siske ou trouvew ou fè antanke atis ?

Jou kem te remporté premye pri nan konkou Institut Français ak Anbasad peyi Lafrabs te oganize. Mwen te fyè paske tout depatman yo te reprezante .

21-A ki laj ou ta renmen marye?

Mwen poko panse a sa.

22- Dim Yon bagy tout moun panse ki vrè de ou, men ki pa verite ?

Woy 😀 kesyon sa difisil. Mwen pa wè kisa antouka.

23- Kisa ou fè pandan tan lib ou ?

Mwen sou entènèt ,mwen li , mwen ekri , épi mwen ale enjoy mwen ak zanmim yo.

24- Poze tet ou yon kesyon e reponn li?

Eske mw renmen tet mw? Wi mw renmen tèt mwen, paske mwrn fèm konfyans ase e mwen panse map pran tout desizyon ki bon pou mw.

By Annie Star Naggaie Martine Boyer

Étudiante en psychologie et Odontologie.

Open chat
1
Helle , comment on peut vous aider ?
Situé à Jérémie depuis 4 janvier 2016, JCOM Haïti est le seul média en ligne du département de la Grand'Anse. Nos équipes rapportent chaque jour l’abandon du département par les autorités, les multiples difficultés structurelles, de l’agriculture aux problèmes d’infrastructure, et conjoncturels. JCOM ouvre la Grand'Anse au reste du monde en rapportant les actualités politiques, sociales, culturelles, économiques et sportives.

Merci de nous contacter.

Website : jcomhaiti.com/

Suivez-nous sur Twitter, Instagram @jcomhaiti

Abonnez-vous à notre Channel YouTube :

https://www.youtube.com/c/JCOMHaiti

Contact: +509 34342038 jcomhaiti@gmail.com

Pas d’événement sans J-COM!!!