A Zeno Media Station

Bon non li se Mycadore Christophe, anpil mounn lan antouraj li konnen li sou non jwèt li ki se “Katalog vil la”, ansyen polisye, animatè radyo, blogè, te fè yon pase nan ribrik “Kwen Diskrè” J-COM lan pou li te fè yon ti pale de li.

Ann li Katalog lan ribrik « KWEN DISKRÈ » JCOM pou semenn sa.

1- Pale nou de Mycadore Christophe ?

Avan tou map salye ou Annie, map salye tout moun ki pral li ti chita pale sa, map pwofite felisite ekip JCOM lan kap fè yon bon travay nan kominote a, yon lot fwa anko konpliman! Chapo!

Mycardo Christophe fèt Jeremi, yon mounn ki renmen vil la anpil, ki renmen moun anpil, mwen trè pozitif, mwen travay anpil pou mwen fè tout moun fè konesans ak bote Jeremi, sa mwe renmen ankò se onore mounn pandan yo vivan, e mwen kwè lan Bondye anpil, map pwofite di tout lektè JCOM yo ke mwen se nèg …..(ri prizon, nèg anba Lapwent, nèg anba Lòj, ki fèt nan kafou Gabriel, dayè Gabriel se te Papa mwen se sak fè kafou an pote non li)

2- Non Katalog la kote li sòti?

Nom Katalog la soti nan yon bal No-look/T-Vice mwen te ale New York nan yon klèb ki rele Amazura lan lane 2002 epi lè sa mwen pa konnen si se jan mwen te abiye an lè mwen ap rantre nan bal la te gen yon ekip medam ki tap gade mwen younn ladan yo te di gad kijan yon mesye bwodè epi yon lòt te reponn ou pa wè mesye a sanble ak yon Katalog epi mwen reponn Katalog ki kote epi yo di kote ou ye an epi mwen di Katalog Vil La epi yo ri. Se la non Katalog lan soti. (Riiiiiii)

3- Ban nou non enstistisyon ou te premye fè eksperyans travay ou?

Premye eksperyans travay mwen se te nan Polis Nasyonal lan peyi Ayiti.

4- Ki rezon ki te pouse ou antre nan akademi pou fome tèt ou kom Polisye ?

Depi lè mwen timounn ap leve mwen te renmen akademi militè, mwen raplem lè pou mwen ta rantre nan akademi militè lame te gentan demobolize e se nan kondisyon sa mwen te rantre nan lapolis lan ke mwen pat regrèt eksperyans lan menm.

Articles Similaires  Kwen Diskrè: Georges Gabrielle Paul

5- kisa kite fè ou kite lapolis?

Bon rezon ki fè mwen te kite se aprè yon move eksperyans mwen te fè pandan mwen tap travay Jeremi epi mwen te chwazi bay vag.

6- Fè yon ti pale nou de Switch Fm…

“Switch FM Haïti” se yon radyo mwen kreye ki gen anpil ekout tout kote nan mond fòk mwen diw Switch FM Haiti ap mache trè byen li gen fanatik li ki toujou rete fidèl avèk li.

7- Kote non Switch lan te soti?

Non Switch FM Haiti an soti lan yon lot radio mwen te konn travay ladan, apre nou vinn pa antann nou, se konsa mwen vinn fè radyo pa mwen ki vinn rele Switch FM Haiti, ou konnen lè ou Switch se lè ou te nan yon kote epi Switch pou yon lot kote (Riiiiiii).

8-Depi lè ou ou kite peyi a pou al viv lot bò dlo, chak kilè ou antre konnye a Ayiti?

Mwen kite Ayiti lan lane 1998, premye fwa mwen te tounen lan peyi a se te an 2005, mwen te retounen 2006, 2007, 2008, 2009, aprè sa mwen te fè 9 bon lane mwen pat janm rantre
, Apre an 2018 mwen di peyim lan men mwen. (Riiiiiii)

9- Si ou ta gen pou reyalize yon pwojè lan vil la ,sal tap ye? e poukisa?

Si mwen te kapab mwen tap fè vil Jeremi vinn pi bèl, pwòp ankò jan li te ye avan epi mwen tap mete tout ti moun lekòl pou vil la ta rejwenn fyète li.

10- Nou wè wap fè yon bèl travay sou Facebook, di nou non kote lide a soti?

Lide sa kòmanse nan kè avan tou, apati de lanmou mwen gen pou vil mwen ki se Jeremi paske mwen se yon mounn trè pozitif ki pran plezi nan pale byen de mounn.

11 – “SiKSÈ” ki pèsepsyon ou de mo sa?

Pou mwen siksè se pa yon mot ou ka defini, tout otan wap travay ou ka fè siksè kan kèk domenn, men sa mande anpil sakrifis.

Articles Similaires  Kwen Diskrè Yasmine St Louis

12- Koman feeling lan ye lan travay wap fè a, ou santiou itil kominote a?

Wi, a travè travay pozitif map fè an epi mwen infliyanse anpil lot mounn pou rantre nan travay pozitif kap fèt la.

13- Souvan ou mete mounn Jeremi a lonè, ou ka site 3 nom mounn vil la ki make lespri ou?

Mwen ka diw Brunel Pierre (Repoze an pè) ki te fè yon bagay ki te gen yon inpòtans total kapital pou mwen kote nan epòk Anbago li te bay tout zone li an kouran ki te pèmèt anpil elèv te jwen mwayen etidye.

Ti Papa, ki te yon moniman devan legliz lan nan vann tout moun sirèt( an pasan fòk mwen diw mwen te konn volè sirèt ti papa yo (Riiiiiii).

Lòt lan Bleck, se gras a li anpil tijènn lan vil la komanse li Roman, liv kòbòy…

14- Poukisa ou fè radyo?

Radyo se yon bagay mwen te renmen depi mwen piti men lè mwen te Ayiti mwen pat jwenn yon chans pou mwen te fè li e mwen santi mwen gen radyo nan venn mwen (Riiiiiii).

15- A ki laj ou komanse e Ki pi gwo siksè ou lan fè radyo?

Mwen ka diw mwen pagen yon laj fix, mwen te komanse radyo paske mwen te genyen li nan mwen (Riiiiii).
Pi gwo bagay mwen reyalize nan radio mwen ka diw se 3 gro entèvyou mwen pap janm bliye se avèk: Robert Martino, Gazman ak Okyjems kote tout le 3 atis sa yo te felisite mwen pou kesyon mwen te poze sa te fè mwen kontan anpil.

16- Rezo sosyo vle di kisa pou ou?

Pou mwen Rezo sosyo se yon bagay ki pozitif paske nan sans pozitif lan mwen pran li, mwen itilize rezo sosyo pou mwen pale byen de mounn ak de Jeremi men sa pa anpeche kek fwa mwen lage kek ti fawouch (Riiiii).

18- Jeremyen oubyen enstitisyon ou panse kap byen vann Jérémi?

Li pa lòt ke J-COM map felisite ekip sa map mande li pou kenbe fèm pa lage.

19- Daprè ou menm, koman ou dekri J-COM?

JCOM se yon ekip mounn pwofesyonèl ki fè travay la byen tankou mwen toujou dil a Ralph Simon, mwen se yon mounn ki renmen wè lè moun ap travay e fè sa ki pozitif.

Articles Similaires  Kwen Diskrè : Pierre Fransein Lundy

20- Di nou ki pi bèl souvni ou genyen de lè ou te timounn?

Fè lago epi foutbòl la ri (Riiiii)

21- Lè ou te rive lakay blan Meriken, ki premye travay ou te jwenn?

Premye travay nan USA se te nan yon gro store kote yo te vann rad ak soulye men store sa te gro anpil li te divize en plizyè depatman e se mwen ki te responsab depatman soulye a.

22- Ou gen yon ide etabli yon radyo lan Jeremi, ki nom radyo sa tap pote?

Si sa ta fèt li patap gen lot non ke Switch FM Haiti, non an deja la, mwen patap chanje li (Riiiii)

23- Eksplike nou koman eksperyans premye pitit ou te ye?

Mwen pat ka tann pou lè sa te rive, an pasan ki te mwen di nou mwen se yon moun ki renmen ti mounn anpil e mwen ka diw tout mounn remmen mwen se tankou mwen gen yon leman sou mwen pou ti mounn depi yo wè mwen yo toujou ap souri banmwen

24- Koman ou resevwa kritik de travay ou yo?

Mwen kontan mwen fè fèt epi mwen di tèt mwen mwen ap fè yon bagay banm kontinye frape pi di pou mwen fè tèt yo anfle (Riiiii)

25- Konbyen lang ou pale Katalog?

Kreyol, fransè, anglè mwen degaje mwen nan panyol menm nan mandaren (chinwa) mwen di 2 mo (Riiiiiii)

26- Ban nou non 3 jwè prefere ou?

Ronaldo(Brazil) depi a 16 zan li tap fè mèvèy nan PSV e li chanpyon ak Brazil li se yon nan mounn ki bay jwèt la sans.
Ronaldinho paske li se yon jwè ki a la fwa teknik e fizik l.
Romario pou jan li relax sou teren epi majorite gòl li ye se gòl roule atè nan kwen poto(lol)

27- Yon bagay ou anvi pataje avek nou?

mwen pagen en plus ni en mwens jan mwen ye an se tout mwen sa.
EPI NOU SWITCH.

Annie Star Naggaie Martine Boyer
anniestarboyer@gmail.com

Open chat
1
Helle , comment on peut vous aider ?
Situé à Jérémie depuis 4 janvier 2016, JCOM Haïti est le seul média en ligne du département de la Grand'Anse. Nos équipes rapportent chaque jour l’abandon du département par les autorités, les multiples difficultés structurelles, de l’agriculture aux problèmes d’infrastructure, et conjoncturels. JCOM ouvre la Grand'Anse au reste du monde en rapportant les actualités politiques, sociales, culturelles, économiques et sportives.

Merci de nous contacter.

Website : jcomhaiti.com/

Suivez-nous sur Twitter, Instagram @jcomhaiti

Abonnez-vous à notre Channel YouTube :

https://www.youtube.com/c/JCOMHaiti

Contact: +509 34342038 jcomhaiti@gmail.com

Pas d’événement sans J-COM!!!