A Zeno Media Station

1- Fè yon brèf rezime de Pierre Fransein Lundy

Mwen se Pierre Fransein Lundy, mwen leve lan yon fanmi 3 timoun, se mwen ki pi gran e se sel mwen ki gason lan mitan 2 fi, mwen fè klasik mwen CSC ak CPR, pou konnye map kontinye etid mwen an Relasyon Etènasyonal , mwen genyen tou yon fomasyon an enfomatik ak antreprenarya…

2- Ki dat ki plis makew lan lavi ou?

Mwem pa sonje dat yo vreman

An 2014 mw raplem m pral konpoze syans sosyal nan Reto , mwen tap kondi, mal chans mwen rive fè aksidan devan konpleks administratif la mwen tap soti nan wout ki anfas la e gen yon lòt moto ki tap soti fonwouj avek yon machan ki te pral van nan mache…

Mwen raplem an janvye 2015 sete premye fwa yo te onore mwen isi.

3- Fè yon pale nou de experyans ou fè nan radyo ?

Mwen kwè komanse lè mwen te nan 5e ak 6e ane yo avek Œuvres Pontificale Missionaires “OPM” kise yon antite nan Legliz Katolik kite gen yon emisyon chak samedi nan Radio Tèt Ansanm , ant 2009 a 2010. Mwen te pral fè yon bel eksperyans nan Radio Orbite avek Widlore Mérancourt emisyon an te rele FOLIE MUSICALE chak dimanche soti 10h pou rive midi, lan lane 2014 Billy Modeler SAINT Fort te gen poul ale Miragoane mwen te a rive kenbe pou li pou yon bon bout tan nan PowerMix , Wake Up de 1h a 3h .p.m chak Samedi. Mwen sonje mwen te gen yon emisyon ki rele plezi vakans sou PowerMix. E denyè radyo map kolabore avek li se Extension FM, mw travay lan estaf pwodiksyon an.

Articles Similaires  Fenold Pierre continue ses parcours d’excellence

4- Kisa JCOM reprezante pou ou lan pakouw?

JCOM s e yon egzanp tèt ansanm , tolerans ak inovasyon lan vil Jérémi.

5- Fransein gen yon moun nan vil?

Wi, e map voye yon Salye li kap li ribrik la lan moman 😄 #TMTS

6- Si ou ta gen pou fè yon entèvyou ak yon moun kiyes li tap ye ?

Mwen pa we yon moun espesyal, men mwen rete kwè jen kap fè sa ki pozitif nan kominote a sipoze gen limyè sou yo.

7- Ki pi bèl ekperyans u ak JCOM

Awards yo makem, repotaj sou bato Neptune lan makem.

9- Ki kalite ou pi renmen kay moun?

Respè, tout fwa moun lan respekte tèt li ap gen respè pou lòt moun

10- Chwazi yon mizik ou ka konpare vi ou?

Mizik sa titre “NapRive” ke Lil Peter chante

11- Fransein damou deja? Si wi eksplike kijan sa te ye?

Kanmenm mwen se yon moun , se selon sou ang ou vle di damou an wi te gen yon ekip ki rele All Stars sou katye a lem tap grandi mwen te santi tout sentom yo pou jis kounyea mwen ka di yo mankem ⭐️

12- Ki pi move souvni ou gen de anfans ou?

Yon lapli ki tap tonbe , yon fèy tol chire do pyem venn koupe… Chak lè mwen gade mak la se tankou sete jodi a.

13- Pataje yon sekrè ou ak nou

Mwen pa ni renmen , ni manje tontonm

14- Anpil moun toujou di ou pretansye ou panse yo bay verite sou ou.

Articles Similaires  Johel Dominique : un nom qui sonne fort

😄 Bon mwen paka di si se verite ou manti, mwen rete kwè mwen poko rankontre ni pale a moun kap di sa yo, mwen kwè jou sa yo fèt yap we kontrè a.

15-ki moun ki pi enpòtan nan viw?

Fanmi mwen.

16- Ban mwen 2 moun ki se yon modèl pou ou

Manman ak Papa mwen

17- Poukisa Fransein pa janm devan yon kamera?

😄 Mwen renmen kesyon an, m ka prezante nenpot emisyon li ye a, kom mwen konnen mw kapab déjà mw pito chache lot jèn ofri yo opòtinite sa pandan mwen map fè pwodiksyon an , mye vo yon ekip olye ou gen yon sèl grenn jwè…

Depi se sa ki gen rapò a sa map etidye a , San pwoblem map devan yon kamera, men mwen renmen pwodiksyon an pito li devlope plis refleks lakay mwen.

Epi yon Bo Jeremyen tankou mwen devan kamera woch la ka woule li fe anpil dega wi 😂😂

18- Ou se youn nan jèn ki enfliyan nan kominote jeremyèn la,esplike nou kisaw fè pou toujou ajou?

Bon mwen tande anpil moun di sa wi (rire) sak fe sa, entelijans mwen , fe diferans a minimum kem ka genyen, respè kiryozite mwen, men renmen obsève tou…

19- Si ou ta Majistra vil Jérémi pou 2 jou, ki sa ou tap renmen reyalize ?

Majistra pou 2 jou nan yon vil ki Malad nan tout kol tap difisil pou gen gwo chanjman ki fèt men mwen tap pran kek arete kominal wi, li enpotan poun ta entèdi kamyon dlo yo ale pran dlo ladig ki kounyea se ti gout dlo kap sot ladanl, Jeremi se site powèt li pa posib pou yon poweèt Tankou Rene Philotecte ki mouri nan menm peryod mwen m fèt la pou nou bliyel, m wout 9 karakoli a m tap bay li pote nom li,l.

Articles Similaires  Trois maisons brûlées dans un incendie à Jérémie

Jérémi se yon vil ki gen anpil e ki pase anpil gwo jwè foutbòl, nou paka gen 2 teren foutbòl poun bay yo pote nom Sen nan legliz katolik nou tap chanje nom yo, koze sekirite a nan 2 jou sa fok nou ta wè a responsab lapolis isi yo sou antre vil la a, vwari a, apre rès yo plis teknik ekip mwen pandan 2 jou a tap travay sou yo.

20 -Imajine ou genyen nan lotri, kisaw tap fè ak kòb sa?

Bon mwen poko janm jwe lotri non , se selon kantite kob la mwen kwè aparemèy elektwonik tap ladanl, liv tap ladanl , rès la nou tap fè mwayen poun travay li poun fel plus wi, ede moun tou…..

21- Lèw ge yon pwoblem, ki premye moun ou rele ?

Se selon nivo pwoblèm lan , anpil nan ka yo, se rekil mwen pran e reflechi poum konsa poum femè.

22-Kisa ou prefere? Yon semèn san fè bagay ou san telefòn ?

M paka prefere yon bagay kem ka viv san li , kidonk pa youn pa lot

23-Premye fwa ou te vwayaje kijan sa te ye?

Mwen te sot fe 7e, mwen te ale Sendomeng, mwen te pral tonbe sou manje sa yo, mwen fè 8 jou ap frape konparèt , mwen potko ka manje manje yo 😄

Lanmou mwen pou konparet sanble komanse depi jou sa, apre sa sete yon bèll esperyans wi, ke mwen aprann anpil de li.

By Annie Star Naggaie Martine Boyer

Étudiante en psychologie et Odontologie.

Open chat
1
Helle , comment on peut vous aider ?
Situé à Jérémie depuis 4 janvier 2016, JCOM Haïti est le seul média en ligne du département de la Grand'Anse. Nos équipes rapportent chaque jour l’abandon du département par les autorités, les multiples difficultés structurelles, de l’agriculture aux problèmes d’infrastructure, et conjoncturels. JCOM ouvre la Grand'Anse au reste du monde en rapportant les actualités politiques, sociales, culturelles, économiques et sportives.

Merci de nous contacter.

Website : jcomhaiti.com/

Suivez-nous sur Twitter, Instagram @jcomhaiti

Abonnez-vous à notre Channel YouTube :

https://www.youtube.com/c/JCOMHaiti

Contact: +509 34342038 jcomhaiti@gmail.com

Pas d’événement sans J-COM!!!