A Zeno Media Station

Direktè “Up to Date English School”, Pwofesè literati, Jiris, ansyen Animatè radyo, kontab de pwofesyon, Reginal Remarais pat kache Annie Boyer tout kwen ki te paret diskrè lan aktivite li yo jiska Jodi a.

Ann li potorik gason sa lan ribrik “KWEN DISKRÈ” JCOM pote pou ou lan semenn sa

1- Fè yon ti pale nou de Remarais?

Reginal Remarais se yon jenn gason ki renmen lavi, ki renmen ede mounn.
Mwen etidye Dwa, kontabilite, kominikasyon (espeyalman animasyon/prezantasyon Radio/Tele) epi lang vivan.
Mwen gen 33 lane, epi m se papa yon tifi 8 lane.
Mwen se pwofesè lang Anglè nan inivèsite epi nan pwòp lekòl Anglè pam ki se “Up to Date English School”, ke map dirije depi 2010.

2- Kote non Up-to-Date la soti?

Mwen te bay lekol la non Up-to-Date la paske depi lèm lekol mwen te toujou ap bat pou mwen ajou sou tout aspè. E mwen te konn rele tèt mwen “Up-to-Date”. (riiii)

3- Ki dènye mounn ou tap kite wè ou si lanmò vinn frape pot kay ou, e poukisa?

Mwen toujou di mwen ta renmen mouri nan yon moman map fè sa mwen plis renmen an ki se ansenye, donk nan yon sal de klas… Sa vle di si mwen mouri konsa, se etudyan mwen yo kap dènye moun ki wè mwen.

4- Younn lan moman lan vi ou ki pi makew …

M tèlman viv anpil bèl moman, franchman mwen pa raple mwen sa ki makem plis la non…. (riiiii)

5- Si wap chwazi twa (3) dat ki pi enpòtan nan vi ou , ki dat yo tap ye?

Dat mwen fèt : 11 oktòb.

Dat pitit Fi mwen an vinn sou tè a : 21 Janvye.

Articles Similaires  Kwen Diskrè : Pierre Fransein Lundy

Mwen pa gen yon twazyèm non, paske menm 21 janvye sa se fèt Sen Agnès ki se patwòn pawas Bomon, lakay mwen. Se li ki tap twazyèm lan.

6- Ann fè yon ti imajine (riiiii) ann di Remarais Reginald pat yon profesè, kijan ou tap wè tèt ou?

Si m pat pwofesè, m tap yon gwo evanjelis. Men map sa kanmem tou. Mwen gen pou mwen pratike tou 2.

Annie : Ebyen ok pastè Ti Regy. ( Nou tou 2 tonbe riiiiiiii)

7- Kisa ki te pousew ale fè kou literati ?

Lanmou mwen gen pou pwezi epi “Les lettres” an jeneral. San mwen pa bliye bwa dèyè bannan mwen alepòk kise yon moun Bomon ki rele “Gaiegory Pierre” te konn ban mwen.

8- Kiyes ki model ou?

Mwen gen anpil ui. Men mwen santi mwen vreman renmen moun ke Barack Obama ye a, menmsi mwen pa janm padone paske li fè 8 lane prezidan USA, li pa vizite premye Repiblik Nwa ki kontribiye anpil lan sa li vinn ye Jodi a kise Ayiti. Apre sa Johel Dominique se yon gwo potorik gason nan lavi mwen.

9- Ki ekriven ki enfliyansew lan zèv ou yo oubyen lan aktivite ekriti ou yo ?

Ah mwen gen anpil… Men mwen tèlman te renmen li zèv Jacques Roumain, mwen santi li fè enpak sou sa map ekri yo tou.

10- Nou pral mandew fè yon djolè pou JCOM wi la (riiiiiiiiii) yon akwostich ak non JCOM lan?

Jeunes, adultes et vieux s’y retrouvent

Communiquer de bonnes informations à ce departement qu’elle couvre

Ochan poum bay J-Com lan mwen pa ka fèl poukòm

Men map repete byen fò: “Pa gen Evènman san J-COM”

Articles Similaires  Kwen Diskrè Yasmine St Louis

11- Dekri tèt en 3 adjectif…

Rezilyan, pasyone, Up-to-Date tout tan. (riiiiii)

12- Si outa gen posiblite pou dine ak yon pèsonaj istorik ak kiyes li tap ye ?

Pèsonaj saa pa tap lòt ke Barack Hussein Obama… Rezon an ka fè nou ri: Mwen tèlman renmen aksan misye pale Anglè epi mizikalite ke li degaje ak pitch li yo, donk pandan e apre dine saa mwen tap pran anpil plezi pou map pale ak misye de tout sak vinn lan lidem, men sa nou pa ta panse.

13- Ou panse moral ou wo pou padone yon enfidelite?

Oh wi… Pou valè fwa mwen konnen yo padone mwen ! (riiiii)

14- Wap dako avek mwen tout mounn gen yon defo, kisa ki pa ou a?

Pi gwo defo mwen se ke mwen twò sansib pou mounn… E mwen kòmanse chanje paske mwen pran twòp kou nan men menm moun sa yo!

15- Remarais damou déja, si wi kijan eksperyans lan te ye?

Oh wi ! Mwen damou deja. 2 fwa. E mwen pa ka di plis ke sa!

16- Sa ou pi rayi lakay ou?

Mwen tèlman renmen moun mwen ye a, franchman mwen pa wè sa mwen rayi lakay mwen non. Men kòm m te di li pi wo a le w te mande mwen pi gwo defo mw an, mwen santi mwen renmen bliye tèt mwen twòp, men mwen kòmanse chanje sa.

17- Ou gen chwa pou vwayaje nan 2 peyi gratis, ki 2 ki peyi yo tap ye ?

1) Les 9 Emirats Arabes Unis, espasyalman “Dubaï”.

2) Israël (patikilyèman, Jerusalem).

18- Konbyen pitit ou genyen?

Jan anpil konpatriyòt yo konn dil “yon sèl grenn jé a” : Yon fi.

Articles Similaires  Kwen Diskrè: Georges Gabrielle Paul

19- Ki twa (3) kalite ou renmen plis kay yon mounn?

1) Lè mounn lan respekte tèt li e respekte lòt moun.

2) Lè moun lan enb.

3) Lè moun lan altruite, menm jan ak mwen.

20- Ki denye liv ou li?

Dènye liv mwen li se “English for the real World”. Se li ki lan menm nan moman map pale avew la.

21-Ki ekriven préfere ou lan Literati Ayisyenn lan?

Jacques Roumain… paske nan majorite zèv li yo, li eksprime fristrasyon ak raj pèp la, li te mande pòv yo pou yo ini yo kont mizè. Mwen renmen tou enfliyans li te genyen nan sa li tap ekri nan “La revue indigène” ke li te kokreye ak kek ekriven tankou Emile Roumer, Carl Brouard ak anpil lòt anko, epi Li te aktif lan konba li tap mennen kont okipasyon blan Meriken yo…

22- Ki pi bon souvni lè ou te timounn ki toujou ap pase lan tèt ou?

Pi gwo souvni anfans mwen se yon bann vye anglè waf mwen te konn pale ak yon zanmi m “Adonis Gerald” lè nou te pi piti, epi nou te panse se te bon anglè nou tap pale wi. (riiiii)

23- Younn lan pi bel aksyon ou fè gras a lanmou ou?

Fè kou Anglè.

24- Bomon ak Jérémi ki kote ou plis alèz ?

Beaumont! Rezon yo telman anpil, ann just di: Bomon sonw paradi!

25- Défini “Up to date” an Twa mo?

Ou vle di vokabilè “Up-to-Date la? oswa “Up to Date English School”? Si se Up to Date English School se : Best School, Best methods, and Best Teachers!

Annie Star Naggaie Martine Boyer anniestarboyer@gmail.com

Open chat
1
Helle , comment on peut vous aider ?
Situé à Jérémie depuis 4 janvier 2016, JCOM Haïti est le seul média en ligne du département de la Grand'Anse. Nos équipes rapportent chaque jour l’abandon du département par les autorités, les multiples difficultés structurelles, de l’agriculture aux problèmes d’infrastructure, et conjoncturels. JCOM ouvre la Grand'Anse au reste du monde en rapportant les actualités politiques, sociales, culturelles, économiques et sportives.

Merci de nous contacter.

Website : jcomhaiti.com/

Suivez-nous sur Twitter, Instagram @jcomhaiti

Abonnez-vous à notre Channel YouTube :

https://www.youtube.com/c/JCOMHaiti

Contact: +509 34342038 jcomhaiti@gmail.com

Pas d’événement sans J-COM!!!