Responsab oganizasyon Fanm , enjenyè, etidyan an Dwa , ribrik kwen diskrè pat pran tan pou li te al chache pou nou e pran plezi konnen kiyes Yasmine St Louis ye.
1- Pale nou de Yasmine
Mwen se dezyèm pitit fi Manman mwen. Mwen gen yon bèl pitit fi. Mwen fè etid mwen lan jeni sivil lan inivèsite GOC, konnye e map etidye Dwa nan ESCDROJ. Mwen se fondatris yon oganizasyon ke yo rele AFAGA.
2- Eske Yasmine gen yon ti zanmi oubyen marye, selibatè?
Mwen divose depi 2014. Mw pa trò anvi pale de eksperyans sa.
3- Eksplike nou de yon move ekperyans ou fè nan lanmou?
Se konnen yon pwòp kouzin mw chèche fi pou ex mari mwen.
4- Kisa AFAGA ye?
AFAGA ki vle di Asosiyasyon Fanm an Aktyon Grandans. Se yon asosiyasyon depatmantal ki la depi 2015. Nou gen plizyè sektè aktivite andanl tankou: fòmasyon pou manb yo, batay pou dwa fanm ak ti fi yo respekte, transfòmasyon pwodwi
agrikòl, solidarité ant manm yo, ti pa, sòl ,etc…
5- Yasmine gen ide poze kandidati li ,si wi pouki pòs ?
Mw kenbe repons sa pou mw.
6- koman ou te viv ekperyans premye relasyonw ou te genyen ?
Mw te jèn a lepok, mw sonje menaj la te gen viza, epi mw potko genyen, nou kite paske li te pral fè vakans. Mwen dil se lot fi li pral wè, li pap wè nan mwen ankò, poutèt sa nou kite.
7- Ou viv yon relasyon ak fanm deja, esplike nou kijan sa te ye?
Sa poko rive mwen pou mwen renmen ak yon fi. Men mw jwenn fi fém avans deja. Mwen konnen si se sou tanperaman m yo gade, paskem se yon moun ki renmen ri anpil.
8- Antan ke manman, ki konsèy ou gen pou jèn manman yo?
Bay pitit ou yon ti tan menm lè w pa genyen li. Paske li vrèman enpòtan pou timoun lan, se sa ki ap pèmèt timoun lan rete soude ak ou.
9- Ant Yasmine enjenyè e jiris la ki diferans?
Se toujou menm Yasmine lan ki toujou prè poul bay popilasyon an sèvis, sof lan 2 kad metye diféran.
10- Kijan pasaj ou nan OAS te ye?
Se te yon bèl eksperyans paske mw tap egzèse metye mwen, sak te fèm plis plezi, se paske se te sèl mw menm kòm
enjenyè fi sou chantye OAS yo.
11- Pi gwo sakrifis ou fe pou lajan deja?
Pi gwo sakrifis mw fè pou lajan se te epòk mwen te nan OAS. Pou mwen ap kite pitit mw ki te gen sèlman 7mwa, ak marim chak 5è lan maten chak jou pou mw al bouske lavi.
12- Kisa mo amitye vle di pou ou?
Li vle di anpil bagay pou mwen .se sipòte zanmi an nan tout moman difisil li yo, se yon moun mw ka pataje tout pawòl mwen ak li. Se tankou yon frè ou byen yon sè moun sa vinn ye pou mwen.
13- Ou gen posiblite lan espas ribrik kwen diskrè pou fè yon piblisite pou biznis ou.
Mw vle pale nou AFAGA Transfòmasyon, ki chita kòl nan 79 Abbé huet, Jérémie. kote wap jwenn siwo jenjanm, siwo zoranj si, siwo myèl, karapina, Nou mele, pâté, kibby, soup jomou, tonmtonm etc… pa ezite pase wè nou.
14- Nou ka di Yasmine son moun ki fyab?
Mw se yon moun ki gen wi ak non, mw ka di wi mw se yon moun ki fyab.
15- Pou ki rezon Yasmine tounen Jeremi
Gen yon bagay ki diw lakay se lakay pa gen kote ou santiw pi byen ke lakay.
16- Ou pre pou kite moun ki nan viw la pou yon milyon Ewo (€)?
Gen yon kesyon ou pat pozem avan. Eske gen yon moun nan vi Yasmine.
17- Pi gwo espetak jalouzi ou, se te kilè?
Se te konnen nèg mwen trompe mwen epi mw Leve men sou li.
18- Premye fwa ou te twonpe menaj ou kijan sa te ye. Mwen toujou evite gen relasyon ak 2 moun an menm tan. Paske mwen se yon moun lè mwen nan yon relasyon mwen bay tout tanm. Mw pa gen tan pou lot moun. Men lè mwen deside se fini an pa gen anyen ki pou fèm tounen.
19- Pati lan kò ou pi renmen?
Vizaj mwen se pati mw pi renmen nan kòm
20- Chak konbyen tan ou bat laponyèt?
Mw pa yon moun ki renmen touche pati entim mw.
21- Ki pi gwo regrè ou gen nan viw?
Mw te marye twò jèn, mw pat pran tanm poum te komprann sans mo sa ki se maryaj.
22- Mo senserite, sa li vle di pou u?
Mo sa tèlman enpòtan pou mw. Pito yon moun sensè ak mw li pa fidèl. Petèt lan senseritel la vinn fidèl.
23- Pataje yon bagay okenn moun poko konnen de ou.
Vi mwen se tankou yon liv ouvè. Mw pa kwè gen yon bagay ke okenn moun pa konn de mwen.
24- Lè Jcom te kontaktew pou ribrik la, kijanw te pran sa?
Mw te twouve mwen onore. Mwen di an kelke sòt si yo ka fè chwa de mwen pou ribrik yo a se paske mw gen yon travay map fè nan sosyete a, pwojektè fikse sou mw. Se yon onè pou mw.
25-Yasmine gen ide megri yon jou e ki pi gwo diskriminatyon ou subi pou fizik ou?
Rèv mw pou le moman se wè mwen megri e map travay di pou sa. Pi gwo diskriminasyon mw sibi se te yon jou mw te deside al mache bonè, tout kotem pase moun yo ap fè ampil bri nan lari a gen nan yo ki menm rive change gen bagay yon fason pou nwi mwen de gwosè mwen.