Pa gen evenman
san JCOM

Pwofèse, mizisyen Jean Robert Jeudy “Tiroro” pati lan Peyi San chapo

Pwovèb kreyòl la di: « Lè nou wè yon zo bò chemen konnen li te gen vyann sou li. » Anpil moun kap viv aktyèlman nan vil Jérémie an konn wè li, yo kwaze avèl men yo pa konn kiyès li ye ni kisa li vo. Petèt pou pi fò nan yo menm li se yon enkoni, pou lòt yon etranje pou mwen pa di yon moun vini. Mwen vle pale nou de yon GRAND HOMME, yon moun ki te make anpil jenerasyon nan vil sa. Li rele Jean Robert JEUDY, Tiroro kòm non popilè li. Tiroro fèt nan vil Jérémie. Li leve nan Rue Bordes kole ak Lopital St-Antoine lan. Malgre maladi vin pote li ale nan lanmò li te toujou rete ak ten li jèn men se « yon ansyen bon toujou bon » ke yo vin pat konnen.

Tiroro se te yon gwo entèlektyèl pou tout moun ki te konnen li ki te viv avèk li. Yon nonm ki te gen yon entèlijans ekstraòdinè, yon multitasking sa vle di yon touche-à-tout. Li te kapab fè plizyè bagay an menm tan: pandan lap etidye, li te ka jwe mizik, ekri tèks, e fè anpil lòt bagay ankò. Entèlijans li fè sa ki rele LOREYA te tankou yon tradisyon pou li nan ekzamen leta ak nan tout konkou li al patisipe. Nan ane 70-80 yo li te youn nan pi gwo pwofesè nan depatman Grandans lan. Li te vrèman « yon bon ». Li te anseye lang tankou anglè, espanyòl, fransè, laten. Li te konn grèk ak ebre tou. Li te anseye literati, syans sosyal, matematik, fizik, chimi, … Se pa yon « ti degaje pa peche » non li te konn non fè pou li sove ti patat men li te bon nan tout matyè yo. Kidonk, nan kisa mesye sa pat bon lè nap pale de afè edikasyon? Lè nou ale nan bon tan an nou di « Kolèj-la », « Lise-a » se epòk lekòl pou moun ki konnen kisa ki kache dèyè ekspresyon sa yo vle di yo ka temwaye byen kiyès Tiroro Jeudy te ye. Entèlektyèl nan tranp li trè ra kounye a nan Jérémie pou nou pa di pagen ankò.

Gras a gwo entèlijans li, gras a tout lang li pale yo, Jean Robert Jeudy pase nan anpil gwo peyi kote li te etidye. Li te espesyalize li nan kesyon fonksyonman aéroport, aéro-communication, aéro-administrasyon ki pa yon domèn twò fasil pou nenpòt moun metrize. Fòmasyon sa yo te pèmèt li ka travay nan nenpòt peyi nan domèn sa.

Tiroro Jeudy te yon gwo mizisyen. Pou anpil moun se petèt premye moun ki jwe òg, pyano nan jazz nan Jérémie. Li te konn evolye nan Djaka de Jérémie ki te gen ladan li yon pakèt lòt gwo non tankou: Ing. Gérard Charles, Roger Julien, Pierre Delva, Boubou ainsi connu, Fritz Robert Appolon, Mario Laine, Jean-Claude Richard alyas Mèt Boyo, (Pierre Marie Zamy kòm pi jèn mizisyen pami yo ki tap chante devan jazz la), pou nou site non sa yo sèlman. Bèl jazz, bèl epòk, bon flannè byen fre santi bon. Byenke tout mizisyen sa yo te konn ekri ak konpoze bèl mizik, Tiroro te konn ekri tèks epi li te yon aranjè mizikal. Tiroro te pou Djaka sa Ritchi ye pou Klass jodia.

Tiroro te yon moun senp, yon moun ki te toujou efase li a limaj tout gwo powèt ak ekriven Site Powèt la bay yo. Fò yon moun ta abòde li pou li konn kiyès li ye ak kisa li vo.

JCOM koube li byen ba pou salye depa Jean Robert Jeudy. E prezante senpati li bay fanmi li ak zanmi li yo.

REJOIGNEZ NOTRE NEWSLETTER
Et soyez averti chaque fois que nous publions un nouvel article de blog.