A Zeno Media Station

Majistra ansanm ak plizyè responsab asosiyasyon pechè lan Koray demanti rimè kita fè kwè gen bato militè ameriken lan rad vil Koray. Daprè anpil moun bato sa yo ap fouye lanmè a ak gwo aparèy lan lide pou yo jwen gaz.

Alex Maxia, ki se majistra vil Koray, nou te kontakte lan telefon, di se pa vre ditou. « Enfòmasyon sa se pa vre ditou. Mwen te depeche yon ekip pechè pandan plizyè jou pou al verifye sa yap di a, nou pa jwen oken bato ameriken kap fouye lanmè a », deklarasyon Majistra ki tap repomn kesyon JCOM.

Yon lòt kote, Mesye Maxia rapòte, li monte sou mòn ki pi wo lan komin lan ak lonnvi li, pou li ka gade si se vre, li pa we anyen sou lanmè a. Pa gen oken bato ni militè Ameriken lan Koray.

Bo kote pal, Kechner Toussaint, kise direkte Radyo Vwa Peyizan Abriko ale lan menm sans ak Alex Maxia. « Pi souvan se bato touris ki konn sou lanmè Vil Abriko. Moun yo pa verifye anyen se fo enfòmasyon yap fè sikile » reponn jounalis Kechner Toussaint.

Pou kounyea, popilasyon Grandans lan ap tann yon enfòmasyon ofisyèl nan men otorite leta yo, swa pou demanti oubyen konfime, apre yon ankèt pi pouse sou koze sila.

Articles Similaires  Le célèbre animateur de radio américain Rush Limbaugh est décédé à l'âge de 70 ans

By Flavien Janvier

Diplomate de formation, étudiant en sciences juridiques, Rédacteur en chef de JCOM et correspondant du Journal Le Nouvelliste à Jérémie. 34014334 / 42730830

Open chat
1
Helle , comment on peut vous aider ?
Situé à Jérémie depuis 4 janvier 2016, JCOM Haïti est le seul média en ligne du département de la Grand'Anse. Nos équipes rapportent chaque jour l’abandon du département par les autorités, les multiples difficultés structurelles, de l’agriculture aux problèmes d’infrastructure, et conjoncturels. JCOM ouvre la Grand'Anse au reste du monde en rapportant les actualités politiques, sociales, culturelles, économiques et sportives.

Merci de nous contacter.

Website : jcomhaiti.com/

Suivez-nous sur Twitter, Instagram @jcomhaiti

Abonnez-vous à notre Channel YouTube :

https://www.youtube.com/c/JCOMHaiti

Contact: +509 34342038 jcomhaiti@gmail.com

Pas d’événement sans J-COM!!!