Pa gen evenman
san JCOM

Antoine Jean, moun ki te pi pwoch li yo te rele li « Tatane » oubyen « Boss ». Antoine fèt 9 Jen 1920 nan kwadèboukè li te sèl pitit Gason panmanl ak papal nan mitan 5 fi .
Antoine Jean te vin Jeremi lè li te gen 20 lane ansanm ak mari gran sè li ki se Julien Chevalier.

Antoine Jean gen yon pakou istorik, ke anpil moun Jeremi te gen chans pataje, li te komanse kom Bòs mason, men aprè ensidan kote li sot tonbe sou yondo kay, li te oblije bouske lavi yon lot jan, se apre sa Jean te vin tonbe nan « Pepe baya »,sa anpil moun konnen sou non « Pakoti ».Se la li vin tounen bòs tayè ak madan sara paske li te konn ale vann nan plizyè mache, li te gen atelye li anba lavil la, sa nou rele granri Jérémi an, kote li te ekri an gran lèt : « Acheter ici abako G13 », men pandan li menm li ap vann pakoti yo, premye madanm li te konn fè manje kwit pou vann.

Biznis Antoine Jean komanse pwogrese, li deside vwayaje nan peyi letranje , sou twazyèm vwayaj li, li te deside mete yon spòt sou radyo Grandans, premye estasyon radyo vil Jérémi konnen, ke anpil moun nan epòk la te renmen repete : « Aprè twazyèm vwayaj lòt bò lanmè, kay Antoine Jean chaaajeeee !!! Vèmisèl aleken, makawoni aleken….. »
Nan epok sa magazen li : Bazard Soleil Levant te nan kay kote aktyèl Unibank Jeremi an ye a, se la anpil moun Jeremie te konn al bwè « Foskawo » ak manje pen bere e sou kote magazen an, Antoine te gen yon materyo konstriksyon ke Pitit li Mario tap jere.

Kèk lane aprè, Antoine vin deside achte yon kay ki anfas magazen li an (kay Beliard Mion,aktyelman Ideal:Kay Petit-Homme), se la li te deside ouvri 1 restoran, espesyalite li se te: La Bega, chak samdi depi soley kouche.

Tatane te gen : Versaille Ciné Théâtre ke li te jere soti lane 1970 pou rive 1990 e ke li te deside vann kèk ane aprè. E timoun nan epok sa a te konn benefisye fim chak dimanch maten 10h lan maten pou rive midi : Jocelito.

Nou raple nou Versaille Night Club ? Koye ki te konn resevwa anpil gwo djazz ki soti lan kapital peyi a, kèmès ak bal. Ebyen se te pou Boss li te ye chè mèt. Versaille te konn oganize bal akaraktè kiltirèl tankou, Bal maske, jounen kreyol (tout moun ak karabela, manje nan kwi ak kiyè bwa). Men sa ki pi enpotan,li te konn resevwa gwo djazz ak gwoup ki soti lot kote, tankou: Neumour Jean-Bapstiste,Ti Manno ak anpil lot anko. Antoine te gen pwóp Djazz pa li : Les Fantaisistes de Jérémie. Nap note ke Versaille Club te sel espas ki te konn resevwa prezidan ak lot gwo chabrak epok la.

Jean te gen « Hotel La Cabane » ke li te louvri nan ane 1983 avek selman 9 chanm ak 1 pisin, sa ki te klasel pami Hôtel de Luxe pou epok la. Li te gen « Habitation Gebeau », kote li te konn oganize yon Jounen tradisyonèl chak ane : « Rendez-Vous des Jeremiens » Dènye jounen an te oganize nan lane 2014. Nap ajoute ke jebo te yon bitasyon ki te konn pwodwi anpil Mango Madan Fransik ak Madan Blan,Kokoye ak Bannann, ke Antoine Jean te konn revann ak Machann.

Antoine te genyen « Coq Idôr », ki se yon bitasyon ki etale sou 14 kawo tè, li te konn eksplwatel sou plan agrikilti.

Natif kwadèboukè a te posede anpil kay ak tè nan Jérémi (ke li te deside revann kèk nan yo pandan li tap rantre nan laj).

Jeremyen adopté a te toujou konn bay sipó li sitou nan sa ki gen pou wè ak : espò, aktivite sosyal ak Kiltirèl. Li te menm rive genyen tit « Prezidan » pandan lontan nan sa ki gen awè ak eskout e majorèt nan Sité Powèt la.

Antoine Jean kite yon eritaj :19 pitit, li te gen 3 ki te gentan pran devan li ak anpil pitit-pitit. Nou vle atire atansyon tout moun ke Antoine jan mouri ak 100 lane, li pat janm ale nan prizon menm yon fwa nan vil, li pat janm prezante devan tribinal pou okenn akizasyon, li pat janm patisipe nan okenn mouvman pro oubyen anti gouvènman, pou dènye sa se te yon chwa ke li te fè, tankou janl te konn toujou dil.

Antoine te yon biznisman, yon sosyalist, yon sitwayen pezib, li te gen anpil sajès ak entelijans. Men avan tou, li te yon papa ki te renmen tout pitit li san patipri.

Byen ke li te gen ane depi li avèg, men Antoine mouri ak tout lisidite ak enèji li.

Antoine Jean kite nou jou ki te Madi 24 Jen 2020 an. Pandan li fin leve, li benyen, li brose, li manje, li kouche, epi nanm li kite kó li. Sa ki fè pwoch li anpil plezi se paske li pat janm soufri yon jou nan vyèyès li.

Ekip JCOM lan ap prezante kodoleyans e senpati li ak tout fanmi zanmi ke lanmò sa frape.

Nap rewè anko Tatane , vil Jérémi pap janm bliyew, ke nanm ou repoze lan lapè…

REJOIGNEZ NOTRE NEWSLETTER
Et soyez averti chaque fois que nous publions un nouvel article de blog.