Pa gen evenman
san JCOM

Kowonaviris : Plizyè Ofelina lan Grandans deside redwi nan kantite timoun nan espas yo.

Distans sosyal se younn lan konsèy, depi apre espesyalis lan koze santé dekouvri viris kowona lan peyi Lachinn, yo mande nou pou aplike pou nou arive kwape maladi sa. Sa ki pral fè anpil peyi lan mond lan pran yon elatriye desizyon ki pa finn konfòm ak jan nou te konn abitye viv avan pandémi sa, tankou nou wè yo redwi lan libète sikilasyon nou, yo redwi lan dwa nou genyen pou nou reyini ak plis ke 10 mounn ak anpil lòt ankò. Ansanm desizyon sa yo pa rete san konsekans sou yon ansanm biwo leta kou prive, si lekol fèmen, bank yo redwi lan lè sèvis yo, ebyen anpil lan ofelina pa bò isit lan depatman Grandans deside redwi nan kantite moun ki ladanl yo, epi deside voye timounn yo kay yon paran ki pi pwoch yo.

Ofelina, se kote ki akeyi timounn ki pat jamè gen chans konnen, oubyen ki pèdi, Manman ak Papa yo, Konsa tou genyen ki sòti nan yon Fanmi men sitiyasyon ekonomik yo pa reponn. An Ayiti anpil swadizan sant sa yo pa rekonèt pa Leta Ayisyen, anpil lan yo tou pa gen estrikti ase, oubyen respekte règ entènasyonal pou yo ta resevwa mounn e ki montre tout kondisyon reyini pou yo respekte Dwa timounn sa yo. Fas a maladi Kowona, plizyè ofelina lan Grandans ki konsyan de mank de mwayen yo pou yo jere kriz la deside fèmen pòt yo, sa ki pa san konsekans sou lavi timounn kite konn jwenn yon kichòy pou yo viv.

Gérald Guillaume ki se responsab IDETTE, yo oganizasyon kap lite pou dwa timounn respekte lan depatman Grandans, te bay nou avi li de desizyon ofelina sa yo pran pou yo voye timounn sa yo ale kay yon fanmi ki te pwoch paran yo, pou li « se pa yon bon chwa paske sant lan ta dwe an mezi pou yo jere timoun yo pandan yo tap anpeche moun deyo ak enkoni antre andan sant la menm jan ak « Village of hope », yon ofelina lan Mafran fèl». Responsab IDETTE la ajoute pou li di «  Kowona bay yon lot posiblite Pou dirijan ayisyen anpatikilye korije Kaye yo fwa sa »

Younn lan mounn ki responsab sant sa yo, ki pa vle nou site nom li, te pale konsa ak Ekip JCOM lan : « se pat yon desizyon nou te anvi pran, lè nou chita ak staff direksyon an, nou gade mwayen nou, nou vinn wè se sel lan sans sa nou ka ale, asire ou nou pa lage okenn timounn lan lari, sa nou paka jwenn yon paran pou li rete avek nou, tout timounn nou voye ale yo nou idantifye paran ki pi pwoch yo epi nou mennen li ale ak yon ti kichoy. Men depi tout aktivite reprann, mond lan arive pran kontwol maladi a se ap yon plezi pou nou pou nou akeyi yo ankò ».
Pozel kesyon eske se kout men, akoz de maladi a, mounn lan peyi etranje te konn bay yo pa deside ba yo anko? Responsab la pat jwenn mo, li te deside pa reponn nou.

Lis kèk ofelina nou ka konfime ki deja pase kadna lan pòt yo epi voye timounn yo lakay yon fanmi paran yo :

Ofelina « Fondation Sacré Coeur » lan Leon , sou 42 timoun yo deside voye 38, men yo toujou gen randevou chak semenn pou yo vin chèche yon kichoy pou viv.

Ofelina « Hopes Part » ki chita kòl lan sou wout Bòd lan Jérémi, sou 32 timoun kite andan sant lan, responsab yo pran desizyon pou voye 23 lakay yon zanmi oubyen fanmi paran timounn sa yo ki pa abite two lwen.

Lan Mafran « Village of hope » entèdi tout vizit e deside pou mounn kap travay andan sant lan pa al lakay yo lan moman kriz sa, kontrèman a lòt yo yo pa voye okenn timounn ale.

Antouka kesyon nou dwe poze se kijan timounn sa yo pral viv konnye a? Menm si nou tout konnen se pat byen yo tap byen viv menm jan ak yon lot timounn ki kay paran yo. Si nal fouye zo lan kalalou sou kesyon eske desizyon ofelina sa yo legal? Yon bon maten yo deside voye timounn yo ale oubyen redwi lan kantite timounn yo te konn bay yon kichoy chak jou pou yo viv.

#JCOM

REJOIGNEZ NOTRE NEWSLETTER
Et soyez averti chaque fois que nous publions un nouvel article de blog.