Pa gen evenman
san JCOM

Retwouve Kwen Diskrè Georges Gabrielle Paul, militant, responsab fondasyon Julia & Jade, ko animatris « Génération Debout »

Pale nou de Georges Gabrielle Paul?

Gabrielle se yon moun ki renmen lavi, renmen moun e kwè ke nou ka fè anpil bagay se nou pran lapèn trete lot yo menm jan nou trete tèt nou.

  1. Pouki rezon Gabrielle deside fè politik aktiv ?

Mwen rantre nan won lan paske mwen kwè kom sitwayèn jan yap jere zafè peyi regade mwen.

  1. Nou raple ou te yon fidèl manm legliz men sanble ou fè yon kanpe kèk tan, kisa ki koz la?

Mwen pa aktif rezon an pou yon seri de chwa. Men mwen rete kwè legliz se tankou yon lekol nan zafè espirityèl a yon moman fok ou vole de pwop zèl ou.
Men lè mwen bezwen mwen ale.

  1. Kiyès ki enspirew lan politik ?

Se yon liv, La force historique des pauvres de Gustavo Gutierres.

  1. Eske ou panse ou se yon lidè ?

Wi e non. Wi paske mwen gen yon gwoup moun ki deside koute m gras a emisyon radyo mw anime ki rele Generation Debout, yon lot gwoup atravè Fondasyon Julia et Jade et ki dako mache avèk mwen. Non, mwen panse mwen gen yon anpil lot bagay ki rete pou mwen fè pou mwen yon bon lidè.

  1. Ki premye ide ou toujou fè de yon moun ou apen rankontre ?

Mwen toujou bay tout moun benefis dout lè mwen fenk wèw jiskaske ou pwouve mwen ke mwen pat gen rezon.

Mwen evite tout vye ide de moun an jeneral.

  1. Koman ou te viv eksperyans kandidati ou pou majsitra, sa gen 4 lane?

Se te youn nan pi bèl eksperyans. Li te pèmèt mwen konn zone yo men sitou gen yon konvèsasyon franch ak moun yo.
Sa ki ta pral ede mwen reyalize ki kalite dega mesye dam yo fè nan kenbe popilasyon an lwen edikasyon.

  1. Gaby gen ide repoze kandidati li anko, si wi pouki pos fwa sa ?

Non pa nan seleksyon mesye Jovenel ak Kominote entènasyonal la.
Men lè yon jou Ayisyen deside fè eleksyon mwen panse lameri Jeremi ap toujou enterese mwen.

  1. Ou rete kwè ou ka fe mye ke ekip ki lan tèt meri Jeremi an pou konnye a?

Wi mwen te ka fè mye menm si gen anpil bagay ki pafwa pa depann de majistra a e sistèm nan pouri anpil. Men senserite, transparans, onetete ak konpetans tap deja fè yo diferans.

  1. Di nou 2 bagay pozitif e negatif ou twouve lakay Majistra Claude Harry ak Prezidan Jovenel fè ?

Pou Majistra Claude Harry mwen panse premye sa pozitif li fè li gen yon gwoup jèn gason nan katye difisil yo li trenen dèyè li.

Dezyèm sa mw apresye lakay li, li pa renmen konfwontasyon.

Konsènan Prezidan Jovenel, li odasye eli pèmèt nou konpran nivo trèt yon ansanm de moun ki di yo renmen peyi sa.

  1. Génération Debout vle di kisa ?

Generation Debout se yon emisyon kap batay pou yon sosyete fètefouni pou yon demen miyo si mwen ka rezime li konsa. Se te yon pwojè ki soti api de reyinyon « Think tank » ke CEPEDEP ke mwen repranze nan Grand’Ans te konn fè.

Beauchamps, Esaïe ak mwen menm te pote pwojè sa devan PDG Ralph Simon ki te akeyi li dè ke li te pran konesans avèl. Depi 2 lan nap frape e mwen fyè de ekip la, paske yo rete konsekan.

  1. 2 estrateji ou genyen pou ta pote yon chanjman lan Jeremi?

Premye a se: Yon plan ibanizasyon pou komin nan.

Dezyèm nan se: Jesyon dechè ( ranmase fatra se youn nan jesyon dechè a)

  1. Pi gwo satisfaktyon ou genyen nan viw ?

Sou plan pèsonèl : se fanmi mwen ( mwen gen yon patnè ki deyè tout sa ou wè map fè yo)

Aprè se Fondation Julia et Jade menm si li poko sa li dwe ye a men piti piti nap rive.

  1. Politik agrikol peyi a, koman ou wè li ?

Gen anpil ki pou fèt nan zafè agrikilti : ou gen irigasyon, bank agrikol, plis teknisyen ki pou akonpanye plantè yo, nesesite pou nou fè yon agrikilti a pi gran echèl ke chak moun kap travay yon ti bout tè pou kont yo se pou m di sa yo sèlman.

  1. AK ki moun ou reve retakize yon entèvyou?

Sensèman ak yon moun ki ta gen solisyon problèm moun nwa nan peyi Etazini, mond lan , solisyon pou konfli ki opoze Israel ak Palestine.

  1. Ekperyans ou kom anplwaye MINUSTAH, koman sa te ye ?

Se youn nan pi bèl eksperyans travay ke mwen te fè. Eksperyans sa a pèmèt mwen te di tèt mwen mwen pap janm travay pou moun nan vi mwen anko e pran desizyon pou mwen mete konesans mwen nan sèvis peyim’ mwen.

Entènasyonal la pa gen objektif pou pèmèt nou viv pi byen okontrè gen anpil rasis nan sistèm sa yo. Mwen te rankontre anpil bon moun nan peryod sa e gen nan yo ki tankou frè ak sè pou mwen.

  1. Koneksyon ki genyen ant Gabrielle ak lanati, eklèsi nou…

Kòd lonbrit mwen mare ak lanati . Li pèmèt mwen jwen enèji lè batrim dichaj e li fèm kwè chak jou plis nan Bondye

  1. Sa Vodou a senbolize pou ou ?

Vodou fè pati kilti nou, fok nou konen li plis. Vodou pa djab, Vodou pa satan e se sa kifè gen anpil bagay ke mwen te aprann lè mwen tap grandi mwen deside defèt mwen deyo. Mwen kwè fok nou chak e nou tout ta aprann plis de vodou.

  1. Pataje 2 sekrè ak nou ?

M pa vrèman gen sekrè men gen bagay ki dwe rete pwop a vi mwen e fanmi mwen.

  1. Ki premye bagay ki te vinn nan lespriw lè JCOM te kontaktew?

Ki kesyon endiskrè yo pral mande mwen.

  1. Ant estabilite finansye ak lanmou, kisa ki preferew?

Konfyans ak planifikasyon

  1. Lakay ou ap boule ou gen posiblite pou sove 2 moun kiyes yo tap ye?

2 pitit mwen yo.

  1. Ou poko janm regrèt ou te Ayisyen ?

Jamè.


REJOIGNEZ NOTRE NEWSLETTER
Et soyez averti chaque fois que nous publions un nouvel article de blog.