Pa gen evenman
san JCOM

Mesaj Monseyè Gontrand Décoste, nan okazyon fet manman yo

SE M AK FRE M YO, NAN LESPRI PAPA A AK PITIT LA, JEZI-KRI: PE, RELIJYE, RELIJYEZ, KONSAKRE, SEMINARIS, FIDEL LAYIK, TOUT KRETYEN KATOLIK NAN TOUT PAWAS, CHAPEL AK BITASYON NAN DYOSEZ JEREMI AN!…

Mwen koube mwen, byen ba, pou mwen salye, nou chak, nou tout, avèk anpil Respè, anpil Afeksyon, ak anpil Renmen nan LESPRI RENMEN an ki soude nou ansanm, tankou yon sèl Kò, tankou yon sèl Pèp, tankou yon sèl kòt fanmi! Mwen salye, yon fason espesyal, tout manman yo, piske jodiya, se fèt manman yo! Map envite, nou tout ki se pitit, pou nou mete, ansanm avèk mwen, pou nou di tout manman nou yo (tout moun ki te jwe wòl manman nan lavi nou! tout sila a yo tou ki ekzèse «matènite espirityèl» la, tankou: relijyez yo, konsakre yo!), nan Dyosèz Jeremi : BON FET, etan nap anbrase yo…a distans (pou nou respekte distans fizik konsiy sanitè yo mande pou nou respekte!), nap ofri yo bèl bouke flè, epitou, tout bèl santiman ki nan kè nou pou yo, pou nou esprime yo gratitid nou, rekonesans nou, kòm pitit, pou tout sakrifis yo, tout devouman yo, tout tandrès yo, tout afeksyon yo, pou nou menm pitit. Jodiya, tout manman repoze, tout manman chita, byen bèl, byen fre, tankou Rèn (manman yo se Rèn!), pou nou menm pitit nou okipe yo, nou pran swen yo! Nan okazyon fèt manman yo, se nou menm pitit kap okipe kay la, se nou menm pitit kap fè manje pou nou sèvi manman nou yo, dòlote yo, gate yo, tankou Rèn kay la: manman yo, se Rèn kay la! ! Nou tout, nou konnen, trè byen, sa yon manman (byolojik oubyen espirityèl !) reprezante nan lavi nou, kòm pitit. Yon manman, se yon moso ki chè anpil anpil! Yon manman, se yon trezò estraòdinè, ki gen anpil anpil valè, ki pa gen parèy! E, si nou di manman nou sou tè a, BON FET, nou pa kapab pa di MANMAN NOU NAN SYEL LA, BON FET tou ! Wi, SE M AK FRE M YO !, nan syèl la, nou genyen yon Manman, se MARI ! Li se Manman sa a, JEZI-KRI te ban nou, anvan Li mouri, lè Li te klouwe sou Lakwa a: «Men Manman ou! …» (Jan 19: 27), yon Manman espesyal ke tout manman sou latè dwe pran kòm modèl, yon MANMAN KÈ SANSIB, ki pou toujou pran swen nou, veye sou nou, lè manman nou yo sou tè a pa la ankò, oubyen pa kapab ankò; yon Manman ki pou toujou kanpe, lè batay la mare, pou li fè nou genyen batay la, paske «PITIT MANMAN PA JANM PEDI BATAY! »…

SE M AK FRE M YO !, mwen ekri nou mesaj sa a, pou mwen ankouraje nou kenbe fèm, dyanm, solid, pèsevere jouk sa kaba, nan Lafwa, nan Konfyans, nan Lesperans, nou genyen nan BONDYE GRANMET la, nan lapriyè, sitou pandan tan difisil sa a yo nap viv la, kote nou oblije rete fèmen, konfine, lakay nou, nou pa kapab soti ale legliz, nou pa kapab patisipe nan selebrasyon Lekaristi oubyen Lamès, nou pa kapab kominyen, resevwa Kò ak San JEZI-KRI pou nouri nanm nou! Tout bagay sa a yo se gwo soufrans yo ye pou nou, se gwo eprèv espirityèl pou Lafwa nou kòm Kretyen Katolik, anplis tout lòt kalite soufrans ak eprèv nou rankontre pandan peryòd kriz ijans sanitè Kowonaviris/Kovid-19 lan ki anfonse nou nan plis mizè toujou onivo materyèl, ekonomik, sosyal, alimantè, nan yon peyi kote Leta an defayans: pa menm genyen yon bonjan sistèm lasante, pa menm genyen bonjan sèvis piblik, popilasyon an pa genyen ni rele, ni reponn. Nan sitiyasyon tèt chaje sa a, se «MÈT KÒ, VEYE KÒ! », nan pran oserye maladi a, nan respekte konsiy sanitè yo, nan pran tout bonjan preksoyon nou dwe pran pou nou pa atrape maladi an, epitou, pou nou pa transmèt maladi a bay lòt moun: prekosyon pa kapon!…Se reskonsablite nou kòm Kretyen Katolik. Se reskonsablite nou kòm sitwayen!…

Konsa, SE M AK FRE M YO !, mwen ekri nou mesaj sa a, pou mwen ankouraje nou kenbe fem nan Lafwa pandan tan eprèv sa a yo, e sitou pou mwen envite nou louvri pòt kè nou, pòt kay nou, pòt fanmi nou, pòt lavi nou, pou nou akeyi, resevwa LESPRI SEN an, SENTESPRI an, avèk 7 don, 7 kado sakre li yo: don LASAJÈS pou fè nou goute prezans BONDYE; don INTELIJANS pou fè nou antre pi fon nan Mistè BONDYE a; don LASYANS pou pèmèt nou rekonèt prezans ak aksyon BONDYE nan kreyasyon an, nan listwa limanite, nan monn lan, nan lavi nou; don KONSÈY pou pèmèt nou disène volonte BONDYE nan tout bagay; don PYETE pou fè nou antre pi fon nan fè lesperyans BONDYE kòm PAPA nou; don CRAINTE DE DIEU pou fè nou rekonèt, avèk imilite, epi adore, avèk emèvèyman, grandè BONDYE ki sèl merite adorasyon ak lwanj; don FOS pou soutni nou nan feblès nou yo, pou ede nou pèsevere nan mitan eprèv yo, pou fè nou gen kouraj temwanye Lesperans ki nan kè nou, pou nou akonpli, jan sa dwa, devwa nou kòm Kretyen Katolik, anfin, pou nou mennen gwo konba espirityèl kont peche a, kont mal la. SE M AK FRE M YO !, se vre depi jou batèm nou ak Konfimasyon nou, nou resevwa LESPRI SEN an, SENTESPRI a; men, nan sitiyasyon tèt chaje nap viv la, nou bezwen yon nouvèl Pannkòt nan lavi nou, nan Legliz la, nan fanmi nou yo, nan monn lan. Jodiya, nou bezwen LESPRI SEN an, SENTESPRI a, soufle sou nou ankò, avèk fòs, avèk pwisans, pou renouvle nou, pou transfòme nou, pou libere nou, menm jan sa te fèt jou LAPANNKOT la (Cf. TRAVAY APOT YO, 2,1-11)… Nou konnen kijan «LESPRI BONDYE a bay Renmen, Kè Kontan, Kè Poze, Pasyans, Bon Kè, Seryozite, li fè ou gen Bon Manyè. 23 Li fè ou aji ak Dousè, li fè ou konn Kontwole kò ou. 25 Se LESPRI BONDYE a ki ban nou Lavi, se pou n’ kite li dirije lavi nou nan tout bagay…» (GALAT 5: 22-23.25)…

Konsa, SE M AK FREM YO !, an nou pa mete baryè pou anpeche LESPRI SEN an, SENTESPRI a, soufle, aji nan lavi nou. An nou kite LESPRI SEN an, SENTESPRI a dirije lavi nou, paske, jan APOT POL avèti nou, si SENTESPRI BONDYE a p’ap dirije lavi yon moun, li p’ap kapab di: JEZI, se KRIS la ; JEZI, se GRANMET la ; JEZI, se Sovè a (Cf. 1 Korentyen 12: 3); JEZI se BONDYE ki soti nan BONDYE! San LESPRI SEN an, SENTESPRI a, nou pap kapab lapriyè tout bon vre; e nou konnen kijan lapriyè enpòtan anpil anpil nan lavi nou, sitou nan tan difisil sa a yo nap viv jodiya. Nou (yo) kapab kanpe tout aktivite, men nou (yo) pa kapab kanpe aktivite lapriyè. Lapriyè, se yon aktivite esansyèl, vital. Lapriyè, se respirasyon nanm nou. Yon lavi san lapriyè, se yon lavi san limyè, san lesperans! Konsa, SE M AK FRE M YO!, an nou pran abitid lapriyè, chak jou, pou kont nou, epitou, ansanm, an fanmiy. Pandan tan konfinman an, kote tout fanmiy lan reyini, an nou pran abitid lapriyè; wi, SE M AK FRE M YO!, an nou pran abitid lapriyè, ansanm, an fanmiy, chak jou: lapriyè adorasyon, lapriyè lwanj, lapriyè siplikasyon, lapriyè demann, lapriyè entèsesyon, san nou pa bliye resitasyon chaplè; konsa, nou dwe toujou genyen CHAPLE nou, sou nou. Kindonk, «PRAN CHAPLÈ NOU, POU N AVANSE! AK MARI, KONBA NOU DEJA AN FAVÈ N! FÈ L KONFYANS NÈT ALE! NA POT LAVIKTWA! PITIT MARI, PA JANM PEDI BATAY! » Se konsa, SE M AK FRE M YO!, mwen sèten, avèk MANMAN MARI, MANMAN KE SANSIB LA, nou va rive travèse sitiyasyon tèt chaje sa a; nou va rive travèse tout sitiyasyon tèt chaje; nou va rive genyen batay la. «NAP TRAVÈSE! MANMAN MARI, EDE N!…» « MANMAN MARI, EDE N!… NAP TRAVÈSE! »…

Se pou MANMAN MARI, pran men nou chak, pran men nou tout, pou li ede nou travèse moman difisil sa a, pou li ede nou travèse tout moman difisil, nan lavi nou! «NAP TRAVÈSE! MANMAN MARI, EDE NOU!…» Se pou MANMAN MARI, menm jan li te ale vizite kouzin li Elizabèt (Cf. Lik 1: 39-56), vin vizite, nou chak, nou tout, lakay nou kote nou fèmen an, nan fanmiy nou, kote nou konfine an, pou li pote pou nou: LAJWA, LAPE, KONSOLASYON, REKONFO, SOULAJMAN, LESPERANS, LAVI, GERIZON, pou li pote pou nou prezans JEZI-KRI, Sovè nou an, konsa, pou tankou ELIZABET nou kapab di: «Kisa m’ ye menm, pou MANMAN MÈT MWEN vin rann mwen vizit?! » (Lik 1: 43). Jodi a menm, lap fè w onè vinn vizite w, lakay ou, ou menm tou; wi, ou menm tou: prepare kay la, prepare fanmiy lan, prepare kè w: wap gen vizit MANMAN an! E nap tou pran Li, lakay nou, kòm byen pa nou, kòm trezò pa nou (Cf. Jan 19: 27)! Ti Lèt sa a, mwen ekri nou an, jodiya, se presizeman pou ede nou prepare kè nou, kay la kote nou fèmen an, fanmiy lan kote nou konfine a, pou nou resevwa kochenn vizit sa a: vizit MANMAN MARI, vizit LESPRI SEN an, SENTESPRI a, nan gran jou fèt solanèl LAPANNKOT la, pou transfòme lavi nou; pou, jodiya, nou kapab fè lesperyans yon nouvèl PANNKOT!…Konsa, mwen efase mwen, pou mwen kite MANMAN MARI ak LESPRI SEN an pase: yo prese, yo gen anpil kay, anpil fanmiy pou yo vizite!… VINI, O LESPRI SEN, VINI, O SENTESPRI, VIN VIZITE NOU, AVEK MARI, MANMAN JEZI, MANMAN NOU!…NAP TANN NOU, TANKOU TE SEK KAP TANN LAPLI! NOU SWAF VIZIT NOU!…

+Joseph Gontrand DECOSTE, SJ,

Evèk DYOSEZ JEREMI,

31 ME 2020

REJOIGNEZ NOTRE NEWSLETTER
Et soyez averti chaque fois que nous publions un nouvel article de blog.