A Zeno Media Station

Berlin Charles, se non jèn gason 35 lane sa, ki arive pèdi lavi li lan yon fiziyad ki fèt maten jedi 25 novanm lan lan mache piblik komin Chanbellan.

Viktim lan kise moun Lafit, yon seksyon kominal ki sou komin Abriko, te pral ran dènye souf li apre li te fin resevwa yon bal lan men bandi ak zam lan komin Chanbelan.

Daprè sa yon sous lan Lapolis rapòte nou, bandi sa yo te anvayi mache a kote yo tap tire lan tout kwen san kontwol.

Pou konnye a oken lot enfomasyon poko vin jwen nou pou nou konnen si gen lòt moun ki viktim ak blese.

Nap raple se pa premye zak san fwa ni lwa nèg ak zam sa yo lan komin Chanbelan.

Pou ane sa bandi ak zam , zak malonèt sa yo pa sispan ogmante lan Chanbelan. Lan mwa jiyè kite sot pase la, menm gwoup bandi sa yo te tire yon Ofisye Eta Sivil, Renald Léon, 72 lane, epi boule li devan je tout moun.

Articles Similaires  La ville de Jérémie cartonne au prestigieux concours de l'OPC sur les droits humains

By Flavien Janvier

Diplomate de formation, étudiant en sciences juridiques, Rédacteur en chef de JCOM et correspondant du Journal Le Nouvelliste à Jérémie. 34014334 / 42730830

Open chat
1
Helle , comment on peut vous aider ?
Situé à Jérémie depuis 4 janvier 2016, JCOM Haïti est le seul média en ligne du département de la Grand'Anse. Nos équipes rapportent chaque jour l’abandon du département par les autorités, les multiples difficultés structurelles, de l’agriculture aux problèmes d’infrastructure, et conjoncturels. JCOM ouvre la Grand'Anse au reste du monde en rapportant les actualités politiques, sociales, culturelles, économiques et sportives.

Merci de nous contacter.

Website : jcomhaiti.com/

Suivez-nous sur Twitter, Instagram @jcomhaiti

Abonnez-vous à notre Channel YouTube :

https://www.youtube.com/c/JCOMHaiti

Contact: +509 34342038 jcomhaiti@gmail.com

Pas d’événement sans J-COM!!!