Pa gen evenman
san JCOM

Toupatou nan mond lan, tout fidèl kretyen katolik selebre solanite Sen Sakreman. Se li ki rele fèt Dye a, se fèt Kò ak San Jezi Kri, nan lang laten « Corpus Domini ». Legliz la selebre li jou jedi ki vini toutswit apre dimanch fèt Trinite a. Gen kote ki konn selebre l tou nan jou dimanch apre dimanch Trinite a.

Ki kote fèt Dye a soti ?

Se depi lan lane 1264, Pap Iben IV (kat) te vin rann fèt sa obligatwa pou tout Legliz la sou tout fas tè a, nan angajman fidèl yo pou lanmou yo nan kontanple kò ak san Jezikris la nan lanmès. San pale sou mirak ki te fèt pandan yon mès nan moman konsekrasyon an, gen de fason ki eksplike fèt sa, lè Pap la rann li ofisyèl la:

  • Premye fason an, se yon gwo repons kòrèk pou byen korije tou, fòm erezi, ( *erezi se yon devyasyon, nan domèn lafwa sa yo di ki pa verite), ki te gen nan peryòd la ;
  • Dezyèm fason an, sa sèvi pou Legliz Katolik Apostolik Women an, okazyon pou kontinye rann an piblik pi gwo lwanj nan mond lan pou Bondye Sovè a, yon fason solanèl nan pwosesyon nan lari ak Sen Sakreman ki nan ostanswa.

Pap Kleman V (senk) li menm konfime fèt sa « fèt Dye » nan ane 1314, epi Pap Jan XXII (22) aprè kat lane, mete plis mannyè pi kòrèk nan dewoulman pou pwosesyon solanèl la byen fèt nan gran piblik la nan lari yo, yon fason pou sanktifye epi beni ak prezans reyèl kò ak san Kris la, sa vle di tou « Sakre Losti » a.
Gen « Congregation pour le Culte Divin et la Discipline des Sacrements », ki pote presizyon sa pou tout fidèl yo, ki di : « Pwosesyon solanèl kò ak san Kris la se pwolonjman selebrasyon lanmès la. Aprè lanmès la fin di, losti ki konsakre a nan pwosesyon ki fèt deyò Legliz lan pou tout kretyen yo temwanye nan piblik lafwa yo nan Sen Sakreman. » (Ref. Directoire sur piété populaire et la liturgie- La Solennité du Corps et du Sang du Christ, 162).

Malgre tout sa ki kapab pase, ki rive bay gwo doulè, kè kase, sa ki klè, kontantman ki pap janm fini an rete nan Bondye Sous Lavi a. Tout moun bezwen bay tèt yo sa ki pou tèt yo, tankou swiv prensip ki pou kenbe sante a sitou fas ak viris Kowona, epi bay Bondye sa ki pou Bondye tankou lavi nou, sa nou ye, pandan pwovidans li, nan prezans reyèl kò ak san Kris la, ap kontinye aji nan benediksyon chak moun, epi tout mond lan.

Pierre Emmanuel A

REJOIGNEZ NOTRE NEWSLETTER
Et soyez averti chaque fois que nous publions un nouvel article de blog.