Pa gen evenman
san JCOM

juillet 2, 2020

Nòt konferans evèk legliz katolik : Kèk konsiy pou selebrasyon nou yo nan tan epidemi Kovid 19 la

I- N ap di Bondye mèsi paske li pèmèt nou kapab reprannselebrasyon nou yo apre 3 mwa. Se yon gwo soulajman poutout Legliz la paske sa te fè nou anpil lapenn le nou wè noupat kapab rasanble ak anpil moun jan sa abitye fèt. Men n ap sonje tou maladi a toujou la, li kontinye ap fèdega. Poutèt sa, fò nou kontinye pran anpil prekosyon. Se panenpòt kijan nou pral reprann selebrasyon nou yo. Gen dispozisyon pou nou pran anndan Legliz yo pou pwoteje lavipèp Bondye a. Se sa kifè Konferans Evèk Katolik peyiDayiti an voye nòt sa a pou tout pè, tout relijye, relijyez, toutfidèl nan peyi a. Sa yo mande la a ale nan menm sans ak sakap fèt nan lòt peyi yo. Sou otorite evèk la, kire pawas yo ansanm avèk ekip pastoral yo pral veye pou prensip sa yo respekte nan tout Legliz la pandan tout tan maladi Kovid 19 la ap egziste nan peyi a.II- Selebrasyon yo ap toujou fèt avèk respè, diyite, senplisitepou yo ka ede pèp la lapriyè epi chante lwanj pou BondyeGranmèt la. A- Jan legliz la dwe ranje. 1. Kantite moun nou ka akeyi se yon tyè nan sa nou konnabitye resevwa. Sa vle di: si legliz la abitye pran 300 moun, se 100 moun nou kapab akeyi pou yon selebrasyon. Sa kapab mande pou nou ogmante nomb selebrasyon yo. N apkite yon ti tan ant chak selebrasyon yo yon fason pou noukapab fè yon ti netwayaj legliz la. 2. Tout moun kap patisipe nan selebrasyon nou yo dwe mete mask. 3. N ap make plas yo epi ant chak moun fòn kite distans1m50. Pou moun ki gen yon andikap yo menm, fò gen yon kote ki adapte pou yo. 4. Mete jèl ki fèt ak alkòl disponib pou moun kap patisipenan selebrasyon nou yo. 5. Ap gen yon sèvis akèy k ap veye si prensip yo respekte: eske moun yo pote mask, epi ki kote moun yo ap chita nanlegliz la? Li ta bon pou se jèn moun sitou ki fè akèy la. B- Preparasyon selebrasyon nou yo. 1. Sakristen yo pral gen pou yo veye sou preparasyonselebrasyon yo pandan yap respekte tout prensip yo jan sadwe fèt, sitou sou sa ki pi nesesè yo nan selebrasyon yon sakreman, oubyen nan nenpòt ki selebrasyon. Li enpòtananpil pou nou limite kantite moun kap antre nan sakristi a pou anpeche gen twòp rankont. 2. Li enpòtan pou nou dezenfekte tout objè n ap gen bezwenpou selebrasyon yo avèk anpil respè epitou pandan n ap respekte mezi ijyèn yo. Li tap bon pou nou ta dezenfekteapre chak selebrasyon nou yo kèk bagay nou te itilizetankou: pipit ak anbon, kredans, ansanswa, eletriye… 3. Mikwo yo dwe kouvri ak yon bagay ki fèt pou sa tankou: eponj, plastik. Si sa posib n ap