Pa gen evenman
san JCOM

Ak Dlo lan je, elèv Kolèj Sen Lwi rann Mèt Homere Jean Pierre yon dènye omaj

Nan apre midi kite 10 desanm 2021 an, lan lokal Kolèj Sen Lwi Jeremi, elèv ak direksyon Lekol kongreanis sila, te deside òganize yon veye pou rann yon dènye omaj a ansyen pwofesè yo, ki se Homère Jean Pierre, ki fè vwal pou peyi san chapo apre yon grav aksidan moto sou wout nasyonal la (Wozo) jou kite 4 desanm lan.

Fanmi, responsab direksyon, pwofesè, zanmi ak delegasyon elèv lot lekol kote ansyen pwofesè espò ak Kreyòl la te konn fè kou, lan sikonstans sa, pat kache lanmou yo te genyen pou Mèt Homere, kite yon bon kolèg, yon blagè, yon bon papa, yon modèl ak yon konseye pou yo, daprè sa yo fè konnen.

Ekspozisyon kò a ak antèman ap fèt jodi samdi 11 desanm lan, lan legliz Meday Mirakilez la 3h apre midi. Apre yo gen pou al mete li lan twou lan simityè vil Jeremi, pou yon repo ki pap janm fini.

Bon travèse Mèt Homere !

Gade Albòm aktivite a sou lyen sa : https://www.facebook.com/189110474763661/posts/1639270399747654/?d=n

REJOIGNEZ NOTRE NEWSLETTER
Et soyez averti chaque fois que nous publions un nouvel article de blog.