Pa gen evenman
san JCOM

Antrepriz Sen Jozef netwaye vil Jeremi

Jodi lendi 1e novanm lan, Antrepriz Sen Jozef (Saint Joseph en Action) ak kèk sitwayen te okipe sant vil Jeremi pou yon operasyon dechouke fatra.

Operasyon sa te tanmen nan plizyè katye nan vil la, ki depi kèk tan tap domi leve ak fatra. Yon sitiyasyon pou premye fwa vil powèt yo ta konnen depi egzistans li.

Sitwayen yo bat bravo lakontantman pou aksyon sila. Pandan yo mande otorite yo kontinye kenbe vil la pwòp, paske se yon fyète pou yo.

Nap raple, Meri a gen 2 kamyon fatra, yon kamyon 10 wou ak yon traktè, pou jere kesyon fatra nan vil la. Poutan sa pa anpeche vil Jeremi plonje nan mitan fatra chak jou pi plis .

Yon antrepriz, yon biznis kap bay kominote a sèvis, gon patisipasyon kominote yo retounen chak fwa sa mande. Antrepriz Sen Jozef jwe pati pa li a, jodi a nan mete figi vil Jeremi pwòp nan je tout peyi a.

albòm lan : https://www.facebook.com/189110474763661/posts/1609878409353520/?d=n

REJOIGNEZ NOTRE NEWSLETTER
Et soyez averti chaque fois que nous publions un nouvel article de blog.