A Zeno Media Station

Jou ki te 25 jen 2023 a, Oganizasyon Fanm Konbatan nan Gebo (OFKG) te fè premye sòti yo kote yo te pwofite bay yon latriye pwodwi lakay yon pakèt valè , pami yo te gen pwodwi atizanal tou . Yo te nonmen gwo pwogram sa : BEL MACHE.

Aktivite sa te fèt nan okazyon fèt papa yo. Se te yon fason tou pou yo montre ki kalite konbinezon ki gen ant gason ak fanm nan viv ansanm pandan ke yo chak ap jwe wòl pa yo nan fanmiy lan epi nan bay nannan yo ak entelijans yo nan itilize agrikilti a kòm yon gwo zam pou devlopman peyi a .

Pou yo montre enpotans « agrikilti » a tout bon vre, yon pakèt agrikiltè ki soti nan divès komin ak seksyon kominal te pwofite moman sila pou vin montre kalite bèl pwodiksyon yo genyen . Nan moman sa, yo montre yo vle fè plis toujou , men yo sèlman bezwen plis materyel ki ap ede pou sa.

Jounen jodia, Ayiti tonbe nan lis peyi ki gen plis grangou nan mond lan. Poutan, kèk lane ki pase nou te gen manje agogo.
Nan sans sa, kesyon kap poze yo, se : Kisa ki lakòz ? Moun yo la, tè yo toujou la, poukisa pwodiksyon nasyonal la ap degrengole chak jou pi plis ? Poukisa Leta pa bay agrikiltè yo plis mwayen ? Kesyon sa yo fè menm anpil moun ap mande tou, èske se yon politik pou fè’n esklav nan depann de kèk lòt peyi ?

Articles Similaires  Ce soir, des militants de l'opposition dans les rues de Jérémie
Open chat
1
Helle , comment on peut vous aider ?
Situé à Jérémie depuis 4 janvier 2016, JCOM Haïti est le seul média en ligne du département de la Grand'Anse. Nos équipes rapportent chaque jour l’abandon du département par les autorités, les multiples difficultés structurelles, de l’agriculture aux problèmes d’infrastructure, et conjoncturels. JCOM ouvre la Grand'Anse au reste du monde en rapportant les actualités politiques, sociales, culturelles, économiques et sportives.

Merci de nous contacter.

Website : jcomhaiti.com/

Suivez-nous sur Twitter, Instagram @jcomhaiti

Abonnez-vous à notre Channel YouTube :

https://www.youtube.com/c/JCOMHaiti

Contact: +509 34342038 jcomhaiti@gmail.com

Pas d’événement sans J-COM!!!