A Zeno Media Station

Gen anpil moun ki konfonn Legliz katolik ak Legliz episkopal. Se pa menm bagay ditou. Legliz episkopal soti nan Legliz anglikàn yo.
Legliz anglikàn se Wa Henry VIII nan peyi Angleterre ki te fonde li vè ane 1534 konsa. Misye te divóse ak madanm li epil te vle marye ak yon lòt, Pap la pa dakò , li tou koupe fache ak Legliz katolik, li fondé legliz anglikàn nan. Legliz episkopal la menm, se pati nan legliz aglikàn nan ki te ETAZINi, Ki vin deside pran endepandans après révolution américaine nan.

Nan legliz sa yo pè yo marye, gen fi ki pè. Nan legliz katolik rit laten an ke nou konnen an pè yo pa marye, pa gen fi ki pè. Epi tou doktrin yo pa menm dutou. Pa konfonn yo.

Anplis, lè yo di konferans épiscopale d’Haïti, yo pale de ansanm de evèk katolik yo. Men sa konn pote konfizyon. Se sak fè evék yo anpil fwa yo pale de conférence des évêques catholiques d’Haïti, paske tèm episkopal la mete konfizyon. NB: Mo episkopal la se yon adjektif kalifikatif ki soti nan mo episkòp ki vle di evèk. Pliske yo pale de evèk nan lòt relijyon yo tou, sa fè ke se pa sélman Legliz katolik ki Itilize mo sa a.

Pè Jean Lesly JUSTE

Articles Similaires  Les enfants de rue en nette progression à Jérémie
Open chat
1
Helle , comment on peut vous aider ?
Situé à Jérémie depuis 4 janvier 2016, JCOM Haïti est le seul média en ligne du département de la Grand'Anse. Nos équipes rapportent chaque jour l’abandon du département par les autorités, les multiples difficultés structurelles, de l’agriculture aux problèmes d’infrastructure, et conjoncturels. JCOM ouvre la Grand'Anse au reste du monde en rapportant les actualités politiques, sociales, culturelles, économiques et sportives.

Merci de nous contacter.

Website : jcomhaiti.com/

Suivez-nous sur Twitter, Instagram @jcomhaiti

Abonnez-vous à notre Channel YouTube :

https://www.youtube.com/c/JCOMHaiti

Contact: +509 34342038 jcomhaiti@gmail.com

Pas d’événement sans J-COM!!!