Pa gen evenman
san JCOM

Jeremi – Yon pwofesè pran plizyè katouch lakay li

Nan lannwit 5 pou rive 6 avril la 2023, nan lokalite Kalas, seksyon kominal Fon Wouj Dayè, Mèt Jackson JEAN PIERRE, antreprenè epi pwofesè matematik nan plizyè lekòl nan vil Jeremi, pran 2 katouch nan lestomak li aprè vòlè fin rantre lakay li. Pou kounye-a antreprenè sa sou wout pou rive nan lopital Okay paske lopital Saint-Antoine nan Jeremi pa gen mwayen pou ba li swen li merite a, selon sa Fanmi an rapòte nou.

Fòk nou konnen tou, nan zòn Kalas, depi kèk mwa zak malonèt la tounen yon woutin. Se moun ak zam kap bare chofè moto depi nan lanjelis epi tou yo rantre nan kay sitwayen yo prèske chak swa.

Nap raple nan semèn ki te pase yo, te gen 2 moto siklèt kote 4 moun ak zam ki te sou yo te louvri katouch sou Gérald Guillaume aprè yo tap tante rantre nan kay nan lokalite a. Malgre sitwayen yo te alète Lapolis , men se te pou granmesi.

Kesyon ki ap poze la se: kisa ki dwe fèt pou rezoud pwoblèm sa ?
Se tout peyi a k’ap jemi anba pwisans gang ame jouk nan dan.
Otorite yo, èske nou soud oubyen nou kontan sa kap pase yo la?

Antouka , Jeremi jwèt pou nou!

REJOIGNEZ NOTRE NEWSLETTER
Et soyez averti chaque fois que nous publions un nouvel article de blog.