A Zeno Media Station

Lameri Jeremi ak AMAGA retounnen sou desizyon ke yo te pran pou yo te bloke transpò piblik ki relye Grandans ak lòt depatman yo.

Lan pale ekip JCOM lan te fè ak Premye sitwayen vil la, Claude Harry Milord, fè nou konnen li pat janm di lap bloke transpò piblik yo pou te anpeche mounn kap sot lan kapital peyi a vini Jérémi ni mounn kap sot Jérémi ale Pòtoprens. Majistra kontinye pou li di se popilasyon an ki mal konprann sa li te di a, li ajoute pou li di lan reyinyon li te fè ak pwopriyetè bis ak kamyon yo, se yo ki te deside pran yon ti poz sou vwayaj yo konn abitye fè yo.

Tout swit nou te finn pale ak Majistra nou te kontakte propriyetè plizyè bis ak kamyon ki konn fè trajè Jérémi- Okay-Pòtoprens lan. Plizyè lan yo demanti Majistra lan pawol li, yo fè konnen se Majistra kite mande yo kanpe vwayaj la sinon lap pran sanksyon kont yo.

Ant Majistra ak Proptiyetè yo kiyès ki lan manti?

Sèl sa nou ka diw, Vandredi swa kite 26 mas 2020 sou yon estasyon radyo lan vil la, Majistra Claude ak Prezidan AMAGA (Asosiasyon Majistra Grandans), Dorimain Titus, te deklare apati demen kap lendi 30 mars la okenn machinn ki gen pou soti lan lot depatman yo pap ka antre lan vil Jeremie, ni machinn ki lan vil la pap ka kitel al lan lot depatman yo.
Yon desizyon majistra yo te pran sou preteks pou pwoteje depatman kont viris kowona. Yon desizyon ki te pran san konsey egzekitif AMAGA ak Delege Depatmantal la pat okouran.

Articles Similaires  SOS de Jérémie !

Yon desizyon kite leve kolè Vis Prezidan AMAGA, Alexis Faveur , kite oblije fè soti yon nòt pou li mande Prezidan AMAGA resezil.

Jodi dimanch 29 mas la ekip JCOM lan te repran kontak ak Delege Depatmantal, Mesye Jean Claude Bontemps, ki konfime pou nou desizyon Majistra Claude ak Dorimain te pran pa ka kenbe, e li ajoute pou li di Majistra yo oblije soti yon not pou yo enfome popilasyon an anilasyon desizyon an, yon fason pou kalme lespri popilasyon Jérémi an.

Nap raple desizyon Majistra Claude la pat ekri sou okenn papye vwa pou ta gen yon lot otorité ki siyenl.

Nou eseye rele plizyè fwa lan telefonn prezidan AMAGA, malerezman telefonn lan sonnen san repons.

#JCOM

Open chat
1
Helle , comment on peut vous aider ?
Situé à Jérémie depuis 4 janvier 2016, JCOM Haïti est le seul média en ligne du département de la Grand'Anse. Nos équipes rapportent chaque jour l’abandon du département par les autorités, les multiples difficultés structurelles, de l’agriculture aux problèmes d’infrastructure, et conjoncturels. JCOM ouvre la Grand'Anse au reste du monde en rapportant les actualités politiques, sociales, culturelles, économiques et sportives.

Merci de nous contacter.

Website : jcomhaiti.com/

Suivez-nous sur Twitter, Instagram @jcomhaiti

Abonnez-vous à notre Channel YouTube :

https://www.youtube.com/c/JCOMHaiti

Contact: +509 34342038 jcomhaiti@gmail.com

Pas d’événement sans J-COM!!!