A Zeno Media Station

Cap sur Jérémie 2022 : 50 Ans de Fondation

ReferansProt. No.0101/2022

« Se mwen menm, BONDYE GRANMET la, ki konnen sa m’ gen nan tètmwen pou nou. Se mwen menm BONDYE GRANMET la k’ap pale. Se byen nou mwen ta vle pa malè nouMwen ta vle denmen nou jwennsa n’ap tann lan!…Mwen vle ban nou yon Avni ak yon Lesperans !…» (Jeremi 29 : 11)…

X Joseph Gontrand DÉCOSTE, SJ, Evèk DYOSÈZ JEREMI an, a noutout, SEM AK FREM YO, CHERS DIOCESAINS, ke mwen renmenanpil la: Pè, Dyak, Relijye, Relijyèz, Konsakre, Seminaris, Fidèl Layik! Mwen retire chapo mwen, e mwen koube mwen, byen ba, pou mwensalye, nou chak, nou tout, avèk anpil Respè, anpil Lanmou, anpilAfeksyon fratènèl, nan Non BonDye Papa a, Pitit la, ak Lespri Sen an, BonDye ki gen zantray kè sansib la, BonDye Mizèrikòd la, BonDyeKonpasyon an, ki fè nou Lagras pou nou wè, avèk je nou, premye jounan ane Lagras 2022 an, ane toutnèf sa a Li ban nou pou Li kontinyerevele nou, manifeste a nou chak, a nou tout, Bonte Li, Tandrès Li, Powovidans Li!…

SEM AK FREM YO, CHERS DIOCESAINS, ke mwen renmen anpilla, nan premye jou sa a, nan Ane Lagras 2022 an, map nonmen, envokeNon BonDye GranMèt la sou nou chak, sou nou tout. Map leve nouchak, nou tout, devan BonDye GranMèt la, ki genyen tout pouvwa a. Nan premye jou sa a, nan Ane Lagras 2022 an, se avèk tout kè mwen, map swete nou chak, nou tout : SAINTE ET HEUREUSE ANNEE DE GRACE 2022, nan Kè Kontan, nan Kè Poze, nan Renmen tout bon vrea, nan Pwosperite materyèl ak esperityèl! Pandan Ane Lagras 2022 an, se pou BONDYE GRANMET la beni nou byen beni, se pou l’ pranswen nou !  Pandan Ane Lagras 2022 an, se pou BONDYE GRANMET la fè nou santi kijan Li la, Li kanpe, avèk nou, nan konba lavi chak jou, nan tout batay nap mennen pou yon lavi miyò! Pandan Ane Lagras 2022 an, se pou BONDYE GRANMET la gen pitye pou nou ! Se pou Li fènou gras ! Se pou Li fè nou Mizèrikòd ! Pandan Ane Lagras 2022 an, se pou BONDYE GRANMET la fè nou wè jan Li renmen nou, se pou Li ban nou Kè Poze, Kè Kontan, an abondans!…

SEM AK FREM YO, CHERS DIOCESAINS, ke mwen renmen anpil la, pandan Ane Lagras 2022 an, se pou BONDYE GRANMET la fèGlwa Li, Bèlte Li, Pwisans Li eklate nan lavi nou, nan fanmi nou yo, nan pawas nou yo, nan chapèl nou yo, nan Ti Kominite Legliz nou yo, nan tout bitasyon nou yo, nan tout rakwen nan DYOSEZ JEREMIE an, kap prepare li, pou li fete, nan jou kap Vandredi 20 Avril, Ane Lagras2022 an, Jubilé d’Or, 50 Lane fondasyon kanonik li, sou pontifika Sen Pap Pòl VI…

SEM AK FREM YO, CHERS DIOCESAINS, ke mwen renmen anpilla, nan premye jou sa a, nan Ane Lagras 2022 an, map ankouraje nou, nan travay nap travay, ansanm, Evèk, Pè, Dyak, Relijye, Relijyèz, Konsakre, Seminaris, Fidèl Layik, nan pwisans Lespri Sen an, pou noubati, ansanm, nan Lafwa, nan Lesperans, nan Renmen tout bon vre a, nan Kominyon, nan Patisipasyon ak nan Misyon: Legliz Jezi-Kri a, kiplante nan DYOSEZ JEREMI an, nan depatman GRANDANS lan;konsa, pou Legliz sa a vin pi bèl, chak jou pi plis ; pou li reyone, nansidwès peyi AYITI, pou li pote anpil bonjan fwi espirityèl ; konsa, pou Glwa, Bèlte ak Pwisans BONDYE GRANMET la, nap sèvi a, kapabeklate nan mitan nou…

SEM AK FREM YO, CHERS DIOCESAINS, ke mwen renmen anpilla, map ankouraje nou tou, pandan Ane Lagras 2022 an, pou nou antre pi fon, nan mouvman sinodal lan, nou te lanse ofisyèlman, nan DYOSEZ JEREMI an,  jou ki te Dimanch 24 Oktòb 2021 lan, pou prepare nou, pou Sinòd ki pral fèt, nan lavil Wòm, nan mwa Oktòb2023, e ki genyen kòm tèm jeneral, pou klere nou, gide nou, akonpanyenou, nan tout moman ekout, dialòg, pataj, echanj, refleksyon,  meditasyon ak lapriyè nou yo: «Pour une Église synodale: communion, participation et mission/Pou yon Legliz sinodal, sa vle di: pou yonLegliz kote nou tout (EvèkDyakRelijyeRelijyèzKonsakreFidèlLayik), nap mache ansanm, nan KominyonPatisipasyon ak Misyon»

Articles Similaires  Un présumé chef de gang appréhendé à Chambellan

Konsa, SEM AK FREM YO, CHERS DIOCESAINS, ke mwen renmenanpil la, pandan ANE LAGRAS 2022 sa a, map envite nou tout, alawonnbadè,  pou nou patisipe, aktivman, nan mouvman sinodal sa a, pou nou pran tan, ansanm, pou nou youn koute lòt; pou nou tout, ansanm, nou pran tan, pou nou koute Pawòl BonDye a ki se Bousòl nou, pou nou koute Lespri Sen an, sa lap mande nou, sa lap di Legliz nou an, nan reyalite tèt chaje, nap viv jodiya…

SEM AK FREM YO, CHERS DIOCESAINS, ke mwen renmen anpil la, se pou Jezi-Kri, Gran Frè nou, Manman Mari, Manman nou, ansanmavèk tout Sent Patwòn ak tout Sen Patwon nou yo, nan DYOSEZ JEREMI an, akonpanye nou, pandan ANE LAGRAS 2022 an, pandanesperyans sinodal sa a, pou li kapab tounen, pou nou menm KretyenKatolik, nan DYOSEZ JEREMI an, yon bèl esperyans eklesyal, pastoral ak espirityèl,  kap ranfòse, nan mitan nou, Kominyon an, Patisipasyonan, ak Misyon an, nan pwisans Lespri Sen, ke mwen envite nou rele,san rete: «O Espri Sen, Lespri BonDye Papa a ak Pitit la, men nou tout batize, nou tout Kretyen Katolik, nan DYOSÈZ JEREMI, men nou devanOu: Evèk, Pè, Dyak, Relijye, Relijyèz, Konsakre, Seminaris, Fidèl Layik. Se nan Non Ou ke nou rasanble, pou nou mache, ansanm, nan itinerè, pwosesis, chemen sinodal sa a, konsa, pou Legliz nou an kapab tounenyon legliz vrèman sinodal, sa vle di: yon legliz kote nou tout: Evèk, Pè, Dyak, Relijye, Relijyèz, Konsakre, Fidèl Layik, nap mache ansanm, nan Kominyon, Patisipasyon ak Misyon! O Espri Sen, Lespri Renmen an, tanrpi, louvri kè nou, pou nou kapab koute, sa wap di nou, nan tan nap viv jodiya! O Espri Sen, Ou menm ki se sèl Konseye nou, vini montre nou kòman nou dwe mache, ansanm, e ki direksyon nou dwe pran, ansanm! O Espri Sentete a, vini renouvele Pèp BonDye a kap viv nan DYOSÈZ JEREMI an, pou li kapab mache, ansanm, sou Chemen Lafwaa, Lesperans lan ak Renmen an, sou Chemen Sentete a, nan Kominyon, Patisipasyon ak Misyon, konsa pou BonDye GranMèt la kapab eklatenan mitan nou! Amen!…»

SEM AK FREM YO, CHERS DIOCESAINS, ke mwen renmen anpil la, mwen swete pou, pandan nouvo ANE LAGRAS 2022 an, BonDye Papa a, pèmèt nou, fè lesperyans Mizèrikòd li an, Kè sansib li an, ki sanlimit, ki san parèy, ki estraòdinè, ki mèveye, etan, nou menm Pèp Li an, nou menm tout pitit cheri li yo, nan DYOSEZ JEREMI, lap konble nou, an abondans, avèk Gras sou Gras, Favè sou Favè, Benediksyon sou Benediksyon, Delivrans sou Delivrans, Gerizon sou Gerizon, Liberasyon sou Liberasyon, Konsolasyon sou Konsolasyon, Viktwa sou Viktwa!…

SEM AK FREM YO, CHERS DIOCESAINS, ke mwen renmen anpilla, etan map swete, nou chak, nou tout, alawonnbadè yon BÒN ANE LAGRAS 2022, MWEN ANBRASE, NOU CHAK, NOU TOUT, AVEK ANPIL ANPIL AFKESYON PATÈNÈL, AVEK ANPIL ANPILTRANDRÈS FRATÈNÈL! SE POU BONDYE KI GENYEN TOUT POUVWA A BENI NOU, BYEN BENI, PANDAN NOUVO ANELAGRAS 2022 an!…

Eveche Jeremi, jou ki Premye Janvye, Ane Lagras 2022 an, Ane Komemorasyon katreventyèm Ane Konsekrasyon peyi AYITI a NOTRE-DAME DU PERPETUEL SECOURS,

+Joseph Gontrand DECOSTE, SJ, Evèk DYOSÈZ JEREMI

Premye JANVYE 202

Open chat
1
Helle , comment on peut vous aider ?
Situé à Jérémie depuis 4 janvier 2016, JCOM Haïti est le seul média en ligne du département de la Grand'Anse. Nos équipes rapportent chaque jour l’abandon du département par les autorités, les multiples difficultés structurelles, de l’agriculture aux problèmes d’infrastructure, et conjoncturels. JCOM ouvre la Grand'Anse au reste du monde en rapportant les actualités politiques, sociales, culturelles, économiques et sportives.

Merci de nous contacter.

Website : jcomhaiti.com/

Suivez-nous sur Twitter, Instagram @jcomhaiti

Abonnez-vous à notre Channel YouTube :

https://www.youtube.com/c/JCOMHaiti

Contact: +509 34342038 jcomhaiti@gmail.com

Pas d’événement sans J-COM!!!