Pa gen evenman
san JCOM

Mwa Me, mwa fidèl legliz katolik konsakre a Manman Mari

Nan tradisyon legliz Katolik Apostolik la, mwa me se mwa Mari. Tout kretyen sou latè venere li ak anpil devosyon .

Pap Francois profite adrese yon lèt ki adapte ak eprèv tout moun nan tout kote ki ap sibi nan dènye tan sa yo.

Vikè Kris la nan kè bon pastè li mete chapo ba pou l salye tout fanmi yo. Yon lot kote, li kontinye raple moun yo yon lòt fwa enpòtans lafanmi genyen nan viv ansanm (Laudato Si) , nan priye ansanm.

Karaktè mesaj la ak priyè yo se maryoloji (diskou sou Mari) a menm ki degaje nan enpotans ak pwisans Lasent Vyèj gen nan ekonomi sali a pou entèsede pou tout moun, sitou nan soufrans yo, nan tout dezi yo, nan tout sa ki fè yo pè, epi ki anpeche yo viv lavi etènèl la depi sou tè a, pwiske moun ki kwè a li deja ap viv nan bèlte a.

Evèk Wòm lan, nan pwofondè espirityèl li adrese priyè yo se pou tout fidèl kapab resite nan malè pandye sa kap wonje mond lan, ki se Kowonaviris.
Enfimyè ak medsen yo se yon gwo poto nan rechèch kap fèt pou jwenn solisyon ak viris la. Nan sans sa, li adrese yon entansyon espesyal pou yo nan priyè sa, e menm pou pèsonèl lasante oubyen lòt moun ki ap ede nan ijans sa.

Tout moun,nan tout kwen, nan mwa me sa, an-n viv priyè nou yo nan Wozè a ak mistè soufrans Jezi Kri a nan kominyon Lespri Sen an, pou delivrans mond lan.

Pierre Emmanuel A.

REJOIGNEZ NOTRE NEWSLETTER
Et soyez averti chaque fois que nous publions un nouvel article de blog.