Pa gen evenman
san JCOM

Pwoblèm kouran frape pòt plizyè sektè nan vil Jeremi

Anpoul abòne EDH yo gen plizyè semèn depi yo pa limen lan vil Jeremi. Plizye moun, JCOM te rankontre, tankou pwofesyonèl, machann ak responsab kèk ti antrepriz, plenyen pou sa. Blakawout la gen yon mwa depi lap taye banda li lan vil Etzer Vilaire a.

10 zè nan maten, redaksyon an deside rankontre ak Jean Benice Sylvain, yon responsab dray elektrik lan Jeremi. Li mete nou chita pou li rakonte nou pwoblem lap fè fas chak jou akoz pa gen kouran. Pigwo pwoblèm responsab biznis sa, aparèy pifò sèvis li ofri yo bezwen kouran pou yo mache. « Mwen bezwen pou pipiti 5 galon gazolin pou mwen fonksyone chak jou. E nou konnen denye jou sa yo, nou pa jwenn preske gaz la sou mache lokal la. Se pa tout fwa nou jwen li lan ponp, achtel lan lari, lap koute pi chè toujou. Pafwa ou pran lan move gaz », mesye Sylvain ki tap pale avek nou.

Pi lwen Jean Benice fè konnen gen jou li pa ouvè ditou, pafwa li fè demi jounen. « Gen jou frèm mwen pa ouvè ditou non, oubyen mwen fè demi jounen ! Sa vin koz resèt la bese pou antrepriz la, e depi resèt bese se defisi pou mwen wi », se te ak yon dezolasyon nan vwa li, Jean Benice tap plenyen. « Nou ofri sevis blanchi, dray, prese rad. Men akoz blakawout la, gen kèk jou la, se sèvis prese rad la kap fonksyone sèlman », sitwayen an ki di li vle peye kouran, men EDH paka bal sèvis.

Anplis de mèt dray sa, Magalie Antoine se youn lan machan bwason gazez glase lan mache piblik Jeremi an pwoblem kouran trakase anpil. « Li pa bon pou mwen ditou pitit gasonm. Ou imajine wap achte yon ti sachè glas pou mete sou bwason yo. Sitou ak chalè sa, menm si ou mete yo lan iglou, glas la ap fonn byen rapid. E kliyan yo egzijan menm fre yo konn pa vle pran yo lan men mwen, yo dwe byen glase », menm si li menm li gen frijidè, izin glas ak koze kouran ki pa genyen lan vil la se 2 lan plizyè lòt kòz ankò kifè machan tankou li yo pa antre anpil jan sa ye lè gen kouran EDH.

Pou Nephtalile Jonas, kifè poul boukannen pou vann chak swa, blakawout la ralanti komand li yo. « Pi souvan kliyanm yo se ant 9 vè rive 11 zè lan aswè yo achte plis nan men mwen akoz pa gen kouran moun yo pa soti pou vin achte poul la », machan lan di lè te komanse gen kouran pandan 18 tè tan li te pi bon pou li, e li te konn jwen kouran pou li konsève poul yo.

Pwoblem kouran pa selamn touche moun sa yo nou site la. Menm jan ak anplwaye Leta, blakawout la frape pòt anplwaye prive yo tou. Hercule Dimanche ki se yon pwofesè Syans Sosyal lan klas nevyèm ane nan youn lan lekol lan vil la tap rapote nou youn lan pwoblem li rankontre. Pou li pase rad pou li al fè kou se anpil traka. « Dènyèman se yon fè chabon mwen oblije achte. Pafwa wap pase avek li, li boule pi bel grenn chemiz ou genyen an », daprè sa mèt la di nou, ti lajan yap peye li a pa bal posiblite pou li prese rad li yo chak fen semèn.

27 fevrier 2021, avan yo te asasinel lakay li, prezidan Jovenel Moïse ak Madanm li te vizite vil Jeremi. Pandan vizit sa, chef Leta te pase lòd fòmel pou santral la komanse pwodwi 18 tè kouran chak jou. Sa kite komanse fèt. Anpil moun te bat bravo. Men anpil moun kap obseve byen, te repwoche prezidan paske li pat mete chita yon pwojè byen kanpe ki tap kapab dire, ki tel baze anplis sou yon sitèm kouran ak enèji renouvlab.

Lan yon atik ki soti nan « Le Nouvelliste », jou kite 9 fevriye 2022 a, Jean Errol Morose, kise Direkte jeneral EDH, deklare enstitisyon lap dirije a fè yon « chwa estratejik » pou li diminye lan tan kouran lap pwodwi. Klike sou lyen sa pou plis eksplikasyon https://bit.ly/3ikyYBU

Nap raple, JCOM kontakte plizyè fwa administratè biwo EDH lan vil Jeremi, Emile St-Gourdin, malerezman telefon li sone san repons. Pandan tan sa vil la kontinye ap konte jou san kouran. 18 Mas pase a deja fè yon mwa depi vil Jeremi lan fè nwa. Nap ajoute EDH Jeremi pa gen dirèkte depi le mesye Conseillant Phanis kite biwo a pou pwoblem lojistik sa gen plis ke 1 lane.

REJOIGNEZ NOTRE NEWSLETTER
Et soyez averti chaque fois que nous publions un nouvel article de blog.