A Zeno Media Station

Jodi 20 Janvye 2023 an, nan lè 9 vè nan maten, yon gwo dife eklate nan yon depo gazoline nan katye Lapwent, site Matthew, nan vil Jeremi.

Sou vijilans popilasyon an, ki nan yon premye moman itilize sab ak wòch pou konbat dife a anvan sèvis ponpye a rive, sa pat anpeche dife a anvayi plizye lòt kay nan kominote a. Sa ki ta pwal pouse, anpil lekòl nan anviwònman an te oblije libere elèv yo, paran yo kouri vin chache pitit yo nan lekòl pou timoun ki nan ri Saint Léger Pierre Louis.

Pou kounyea, reponsab pwoteksyon sivil yo poko bay bilan sou dega dife sa fè nan kominote a, men pa gen moun ki fizikman viktim nan katastwof sila sa ki pase maten an nan site powèt la.

Dife sa ki eklate a, se tou prè prizon sivil Jeremi an ak tribinal depè a. Rapidman, yon bakòp UDMO rive pou sekirize batiman kote prizonye yo ye a. Majistra titilè nan tribinal la bay lòd pou femen espas jistis la nan Lide pou pwoteje lavi jistisyab yo.

Nap raple nou, malgre prezans 2 ponpye ak plizye kamyon dlo ki te rive sou plas, se avèk anpil difikilte, sitou jan kay yo konstwi a, Lapolis ak popilasyon an rive etèn dife sa a. Nan moman tout estrateji pou rive konbat dife a, popilasyon an rive retire plis pas 15 doum gaz, 60 galon chak, nan yon depo ki pat lwen ogmante gwo dife sa nan kominote a.

Vil Jeremi, Gen 7 ponp se yon sèl ki toujou ap vann gaz. Lari Jeremi chaje gaz nan chak kwen, nan chak kafou, nan chak lokalite anpil gaz estoke. Moun yo kontinye lonje dwèt yo sou otorite yo, pou yo ki pa janm pran responsablite yo pou frennen malè pandye sa ki blayi sou tèt chak sitwayen nan kominote a paske chak kay nan vil Jeremi Gen omwen 1 galon gaz ki sere ladan yo.

Articles Similaires  L’hôpital Saint-Antoine réagit

By Ralph Simon

Journaliste, PDG Radio Extension et JCOM Haïti. Gestionnaire, Communicateur Social, Étudiant en Sciences Juridiques.

Open chat
1
Helle , comment on peut vous aider ?
Situé à Jérémie depuis 4 janvier 2016, JCOM Haïti est le seul média en ligne du département de la Grand'Anse. Nos équipes rapportent chaque jour l’abandon du département par les autorités, les multiples difficultés structurelles, de l’agriculture aux problèmes d’infrastructure, et conjoncturels. JCOM ouvre la Grand'Anse au reste du monde en rapportant les actualités politiques, sociales, culturelles, économiques et sportives.

Merci de nous contacter.

Website : jcomhaiti.com/

Suivez-nous sur Twitter, Instagram @jcomhaiti

Abonnez-vous à notre Channel YouTube :

https://www.youtube.com/c/JCOMHaiti

Contact: +509 34342038 jcomhaiti@gmail.com

Pas d’événement sans J-COM!!!