Pa gen evenman
san JCOM

Enkyetid Moun jeremi fas ak Kowonaviris la

Sa poko gen yon mwa depi ilizyon anpil konpatriyot nou yo fini, kontrèman a sa yo panse Bondye two renmen yo maladi a pap rivé sou teritwa. Malerezman pou yo lanwit kite 19 mas 2020, ototorité peyi Dayiti te anonse yo dekouvri premye ka maladi Kowona, yon maladi ki mete anpil gouvènman lan mond lan fas a responsablite yo. Pa bò lakay dirijan nou yo montre yo plis ke détèmine pou yo kwape pwopagasyon viris la, konsa anpil mezi te anonse pèsonelman pa prezidan Repiblik la, Jovenel Moyiz, younn lan yo se fèmen tout pòt lekol ak inivèsité jiskake yo bay lòd pou yo fonksyonye yon lot fwa ankò.

Kijan sitiyasyon an ye lan vil la

Tout swit apre desizyon otorité yo pran lan kad konba yap mennen kont Kowonaviris la pou yo fèmen tout pòt lekol ak inivèsitè yo, sa pat pran an tan an demen vendredi kite 20 mas pou nou te santi aplikasyon desizyon a 100%. Lan vil Jérémi gen anpil lekol segondè, fondamantal, pwofesyonel ak plizyè fakiltè kap fòme moun, tankou pou dènye nou site a wap jwenn fakillte syans dwa, syans enfimyè, agwonomi, syans edikasyon, pou nou site sa yo sèlman.

Etidyan jeremyen retwouve yo lan obigasyon pou yo antre kay paran yo

Malgre prezans plizyè fakilte lan vil Jérémi sa pa anche yon jènn kite lakay li mete tèt li pou Pòtoprens, pou al chache lavi miyò oubyen pran chans li pou li antre lan yon fakilte Leta, si li pa reyisi la egzamen an la chache yon prive antre tèt li. Depi apre anons otorité yo pou yo di Kowona frape pòt nou, done yo komanse chanjè, sitiyasyon an vinn pran yon lot fòm. Anpil lan etidyan sa yo komanse ranje malèt yo pou yo chache wout kay paran yo kap viv lan deptaman grandans. Pou anpil lan yo pito mouri lan pye paran yo, ke yo mouri lwen fanmi yo.

Esther, ki se yon jènn etidyan ki poko gen gen yon semenn depi li antre soti pòtoprens, kote l’ap etidye administrasyon tap eksplike nou :  » Mwen retounnen lan vil la pou plizyè rezon, premyeman pa gen lekol oubyen inivèsité kap fonksyone kapital, etid la se li ki te priyoritem, akoz de maladi a nou oblije kanpe , paske youn lan prensip yo pou frennen viris la se pa reyini kote ki gen anpil moun, e Potoprens se kote anpil moun ap viv, tout kote ou prale wap jwenn ak moun sa ki diferan de Jérémi, si se pa lan mache ou ale oubyen lan yon lot rasanbleman ou pa fote ak anpil moun. Mwen fini pa remake ke sim vini Jeremi map pi byen pwoteje tèt mwen kont Kowonaviris la pi byen ».

Pou Léopold etidyan ki fini nan jeni sivil: Rete potoprens m ka jwenn swen, men map mouri grangou, Vini Jeremi m pap jwenn swen, men map jwenn manje pandan map respekte tout prensip ijyen yo.

Li kontinye poul di: Pi gwo Pè mwen se sim gen Kowona Kijan e ki kote m pral pran swen nan bon tan lopital Saint Antoine paka pran swen yon malad, se tout sa yo kite fem manke pa vini.

Kouvrefe a pa respekte, ototrite yo vle itilize yon lot strateji

Youn lan mezi Otorite santral yo te pran pou te kontrekare Kovid-19 la se te enstale yon kouvrefe depi li fè 8è lan sware sou tout teritwa, men tankou tout lot vil strateji sa pat mache lan vil Jeremi. Klèb yo, biznis yo, prostitiye yo kontinye ap fonksyone malgre entèdisyon pou yo soti apre lè a.
Yon lòt bò majistra vil la, Claude Harry Milord, nan yon kominike ki pran 2 Avril ki sòt pase a , Li pran desizyon pou li bloke tranpò piblik ki releye vil la ak lot depatman yo, yon desizyon kifè pale anpil e ki kreye yon polemik ant jiris yo, majiste e delege depatmantal la kise Claude Bontemps. Lan je anpil moun se pi bon desizyon premye sitwayen vil la te ka pran pou anpeche maladi a frape pòt Jeremie.

Malgre desizyon majistra kamyon bwat ak madan sara yo pa sisapan pran dreksyon wout nasyonal la pou al chache lavi lan kapital peyi a.

Si gen kèk Klèb ak restoran ki pa fonksyone depi apre Premye ka Kowonaviris yo , men Wout nasyonal nimewo 8 la poun ale nan rivye voldrog swa rozo, ak wout nimewo 2 a tounen lye touristik pou anpil jen pandan nou nan yon moman otorite yo ap mande Rete Lakay Nou, e limite deplasman Yo.

Raple selon dènye bilten sante MSPP ki soti 7 avril 2020 an gen yon ka sispèk lan depatman grandans lan, mem sa pa anpeche Jérémi se younn lan vil ki poko gen ka kowonaviris deklare pa otorité sanitè yo.

Pierre Fransein Lundy
lundymix2012@gmail.com

REJOIGNEZ NOTRE NEWSLETTER
Et soyez averti chaque fois que nous publions un nouvel article de blog.