Pa gen evenman
san JCOM

Jounen mobilizasyon nan Jakmèl

Nan jou 25 janvye 2024 lan , plizyè sitwayen nan Jakmel te mobilize pou rele aba Premye Minis Ariel HENRY.

Nan entèvansyon kèk sitwayen , youn ladan pran lapawòl pou eksplike kòman Premye Minis Ariel HENRY se yon papa gang .

Gwoup sitwayen ki te pran lapawòl yo kontinye mobilize moun nan Jakmèl pou yo leve kanpe . Se pou yo fèmen tout boutik oubyen magazen.

Tout mobilizasyon sa se pou kontinye mande premye Minis Ariel HENRY kite pouvwa , bay peyi a.

REJOIGNEZ NOTRE NEWSLETTER
Et soyez averti chaque fois que nous publions un nouvel article de blog.