Pa gen evenman
san JCOM

Lis moun ki fè vwal pou peyi san chapo pandan 2021 an

Sòti lan sistèm edikatif la, pase lan mond mizikal la rive lan biwo Leta yo , nouvèl lanmò moun sa yo te touche anpil moun. Zanmi, fanmi, konesans pat gen ase mouchwa pou yo te seche dlo yo lan je yo.

JCOM ap fè ou dekouvri lis regrete memwa sa yo ansanm ak foto yo. Ke nanm yo repoze lan lapè.

1- Jean Saint-Fleur

Jean Saint Fleur

Ansyen Enspektè lapolis, Antreprenè, ansyen responsab sèvis ponpye Ayiti, M. Saint Fleur te fè vwal pou peyi san chapo jou kite 30 janvye 2021 an lan lakou peyi Etazini. Apre li te fin fè plizyè mwa ap soufri ak yon kansè pwostat.

2- Pastè Yves Marcelin

Ansyen responsab « l’Eglise chrétienne el Shaddai de Caracolie » Pastè Marcelin kite anpil fidèl, zanmi ak pwoch lan tristès.

3- Laurent Louis Baptista (Tema)

Ansyen militan, ansyen manb fondatè KOREGA, ansyen pwopriyetè restoran « Pas à Pas », bra dwat Prezidan Jovenel Moïse, M. Baptista ke tout moun te konnen sou non Altema oubyen Tema te jwen lanmò li lan Goudougoudou 14 dawout 2021 an, lan vil Okay. Apre dekonb Otèl « Le manguier te fin frape li.

4- Jean Claude Bontemps

Ansyen Delege depatmantal Grandans. 10 jiyè 2021 an, 3 jou apre asasina chef li Prezidan Jovenel Moïse, Jean Claude Bontemps pati pou yon repo ki pap janm fini apre kelke jou li tap soufri ak yon kriz tansyon sou kaban lopital lan Jeremi.

5- Maxime Roumer

Pent, manb fondatè KOREGA, Ansyen rektè UNOGA, M. Roumer mouri lannwit kite 27 mai 2021 an, apre li te fin atrape viris Kowona.

6- Homer Jean Pierre

Lanwit 4 desanm 2021 se yon jou anpil elèv, pwofesè poko pare pou bliye. Apre yon grav aksidan moto sou wout nasyonal la, Mèt Homer Jean Pierre pat menm gentan pou li bat vwa pou li ta rive lopital.

Pwofesè lang Kreyòl la/espò a mouri.

7- Aly Willy

12 novanm 2021, souf M. Willy etèn. Anyen majistra komin Jeremi, pwofesè, kowòdonatè biwo Pwoteksyon Sivil lan Grandans te pral kite anpil moun ak dlo lan je.

8- Michel Maxime

Ansyen pwofesè syans fizik lan plizyè lekol lan vil Jeremi, M. Maxime te mouri 12 fevriye 2021 lan lopital Sen Antwan. Apre plizyè mwa li tap soufri ak yon maleng lan pye li.

9- Bruni Jeudi

Lannwit 8 pou rive 9 fevriye Bruni Jeudi, kite yo ansyen pwofesè syans fizik ak matematik te pati pou peyi san chapo. Apre yon kriz tansyon te fin jetel.

10- Galy Révolus

Preske tout moun te konnen li sou non Gaga. Anyen kandida pou pos majistra Abriko, ansyen foutbolè, antreprenè a te rann dènye sou li lopita Sen Antwan jou kite 29 janvye 2021an.

11- Diego Charles

Asasina Diego Charles lan lannwit 29 pou rive 30 juin te revolte konsyans anpil sitwayen.

Jounalis la ansanm ak zanmi li militan politik Antoinette Duclaire te tonbe anba bal malfra yo pa rive idantifye jiskaprezan lan kapital peyi a.

Nap raple Diego te fèt lan yon seksyon kominal ki sou komin Marfranc, ki rele Ravine-à-Charles.

12- Johnny René (Jhon Last)

A 31 lane jèn rapè, konpozitè John Last King rann dènye souf li lundi kite 12 Jiyè 2021. Apre yon mwa li tap soufri ak yon maladi.

13- Mgr Guy Sensacriq

Li te youn lan dènye moun kite an vi e tenwen de masak rejim Divalye a tefè sou Milat lan vil Jeremi lan lane 1964.

Li te premye Ayisyen kite nome kom Evèk lan Peyi Etazini.

Monseyè a mouri a 86 lane jou kite 21 dawout la. Pandan li tap prepare li tap pou li al fete 15 lane episkopal li.

14- Mérès Wèche

Jounalis, powèt, plastisyen, pent, Mérès Weche, 78 ans, te pati pou yon vwayaj ki pap janm fini lannwit 15 pou rive 16 octobre 2021 lan Bomon, ville kote li te fèt.

15- Lamothe Pierre Louis

M. Pierre Louis se yon ansyen pwofesè ak anplwaye biwo depatmantal Ministè Edikasyon Nasyonal ki mouri lan dat kite 3 jen 2021 an.

16- Jacquet Jordany

M. Jodany se youn lan premye viktim Goudougoudou 14 dawout la fè lan vil Jeremi.

Etidyan ak Antreprenè sila te kwaze ak lanmò bab pou bab apre yon yon kay te fin tonbe sou li anba lavil la.

17 – Pozizyon 17 la nou komsakrel pou tout moun ki tonbe anba tren ensekite a, moun ki mouri lan Goudougoudou a, moun nou bliye site yo, moun ki pèdi lavi yo lan yon fason kou yon lòt.

JCOM panse avek nou, ak fanmi, zanmi, pwoch ki touche a lanmò sa yo.

Ke nanm nou repoze an pè🙏🏿

REJOIGNEZ NOTRE NEWSLETTER
Et soyez averti chaque fois que nous publions un nouvel article de blog.