A Zeno Media Station

Ke maryaj la fèt lan yon tanp oubyen selebre ak yon Ofisye eta sivil, sètifika prenipsyal la enpòtan pou genyen, menm avan selebrasyon an. Lwa 12 septanm 1961 an klè sou koze sa. Li fè obligasyon ak tout relijyon ki sou teritwa Nasyonal la, pou maryaj la legal, lan dosye konsène yo, sètifika sa dwe byen prezan.

Menm tèks sa rekonèt IBESR (Institut du Bien-Être Social et de Recherches) kòm sèl ògàn andan Leta ki kapab ba ou dokiman sa. 44 lane aprè lwa sa, ki vle di an 2005, Leta santral te pwomèt li pral fè yon fason pou mete yon sèvis sètifika prenipsyal lan chak depatman peyi a. Lan ka sa moun ki ap viv lan lòt depatman yo pat bezwen monte Pòtoprens pou yo jwenn dokiman sa.

Jiskaprezan, moun ki pral marye lan Grandans oblije deplase, leve bonè, peye moto oubyen pran bis pou ale lan biwo IBESR nan vil Okay pou yo ka jwenn dokiman sa. JCOM te apwoche responsab IBESR la nan depatman Grandans, moun ki marye déjà ak kèk lòt ki pral marye. Yo tap rakonte nou peripesi yo pase avan yo resi jwenn sètifika prenispsyal la.

Saint-Fleur Pierre Emmanuel se yon enjenyè ki gen pou li marye mwa avril kap vini la. Lan ti bat bouch nou te gen avèk li te bann nou kèk detay. « Nou te deplase depi lan 7è , nou rive Okay lan 9è nan maten », mesye dam ki pral marye yo fè 2è tan ap kouri moto sou wout nasyonal #7 la daprè sa Emmanuel di nou, lè yo rive, li ak fi li pral marye a ale lan biwo IBESR la, moun yo di yo se lopital 4 chemen pou yo tou 2 a ale pou y’ale regle koze egzamen san. Mesye dam yo pat menm konnen ki kote yap jwenn lopital sila. Yo te oblije peye yon taksi, « nou swiv li pou nou te Ka lokalize lopital la », Saint-fleur ajoute depans pou yo jwenn papye a te manke 100 goud pou li te rive 5 mil goud.

Articles Similaires  Sa ki di sou manman pèpetyèl sekou nan reyalite peyi Dayiti a

« Erezman, depi lakay nou, nou te deplase ak moto, mwen te gentan foul li ak mil goud gaz. Taksi a fè mwen peyel 150 goud pou li te montrem lopital la. Anplis lè mwen rive lan sèvis prelevman nou peye 2250 goud. Apre 3è tan nou te fè chita pou rete tann rezilta egzamen yo, retounen lan biwo IBESR la, nou peye 1000 goud pou nou jwenn sètifika. San konte kob depans manje nou », ap eksplike Saint-Fleur Pierre Emmanuel.

Yon lòtbo Madam Petuelle Jean, ki marye an desanm 2020, tap di nou plis. Madame Jean, sonje tout pakou li te fè ,tankou se te yè li te pral marye, avan li te jwenn dokiman enpotan sa. « Mwen te deside al mande enfòmasyon lan biwo byenèt sosyal depatman, lè mwen rive yo te dim se lan vil Okay pou mwen ale. Mwen te oblije pran wout la tou ansent al regle sa », menm jan ak enjenyè a li te swiv tout demach yo avan pou li te jwenn dokiman pou maryaj la ka selebre. Paske san li seremoni an pap tap ka fèt.

Madam Garlene Dupoux, kise responsab biwo IBESR lan Grandans konsyan pwoblem sa te la byen lontan. Men sa te gen kèk mwa sa te vin rezoud. Konsène yo te konn gen pou al fè egzamen medikal la lan Lopital Sen Antwan Jeremi an,aprè pou yo potel lan biwo depatmantal la pou yon jwenn sètifika. Menm sitiyasyon an retounen menm jan li te ye avan. Men kisa ki esksplike koup yo oblije ale lan vil Okay pou yo al tire papye sa. Madam lan tap reponn kesyon nou : « Biwo santral te konn mete 500 fomilè a dispozyon biwo a chak ane. Men se mwen ki te toujou monte Pòtoprens al pran yo. Jan ensekirite a vinn ap blayi kò li lan kapital peyi a, mwen vin pè anpil pou sekirite mwen », reponsab la montre se youn lan rezon kifè moun lan Grandans lan tout peripesi sa.

Articles Similaires  Jeremi - Yon pwofesè pran plizyè katouch lakay li

Anplis de sa Dupoux plenyen akoz Pòtoprens pa montre oken volonte pou estriktitire biwo a. « Mwen gen 10 lane ap travay ak IBESR, mwen ankò sou kontra. Pagen oken anplwaye lan biwo a ki nome. Nou gen 18 mwa nou pa touche », menm si li dakò fòk li fè yon jan pou li monte al chache fòmilè yo, men li rete kwè tout sa yo lakoz reta lan disponibilite papye a.

Pou konnye a moun ap sòti lan tout 4 kwen depatman Grandans lan pou ale fè papye sa lan vil Okay. Pafwa fanm lan tou ansent li oblije bat move wout ale lan sid peyi a. Sa ki vin fè papye a koute yo plis kòb ke mil goud Leta fikse pou peye li a.

By Flavien Janvier

Diplomate de formation, étudiant en sciences juridiques, Rédacteur en chef de JCOM de 2018 à 2022 et correspondant du Journal Le Nouvelliste à Jérémie. 34014334 / 42730830

Open chat
1
Helle , comment on peut vous aider ?
Situé à Jérémie depuis 4 janvier 2016, JCOM Haïti est le seul média en ligne du département de la Grand'Anse. Nos équipes rapportent chaque jour l’abandon du département par les autorités, les multiples difficultés structurelles, de l’agriculture aux problèmes d’infrastructure, et conjoncturels. JCOM ouvre la Grand'Anse au reste du monde en rapportant les actualités politiques, sociales, culturelles, économiques et sportives.

Merci de nous contacter.

Website : jcomhaiti.com/

Suivez-nous sur Twitter, Instagram @jcomhaiti

Abonnez-vous à notre Channel YouTube :

https://www.youtube.com/c/JCOMHaiti

Contact: +509 34342038 jcomhaiti@gmail.com

Pas d’événement sans J-COM!!!