Pa gen evenman
san JCOM

Pou premye vizit li lan vil Jeremi Premye minis Dr. Ariel Henry boude Laprès

Jounen Dimanch kite 29 dawout la, Premye minis Ayisyen an Dr. Ariel Henry, te vizite vil Jeremi pou premye fwa depi li lan tèt gouvènman Repiblik la, premye vizit li depi Goudoudgoudou a te fin ravaje depatman Grandans.

Minis lan te deside vizite pi gwo otorite katolik lan vil la, Mgr Joseph Gontrand Décoste. Li te pwofite ale founi je gade lan ki eta Pon Grandans lan ye ak travay ekip TPTC ap fè pou jwen yon lot debouche an antandan yon lot pon enstale sou rivyè Grandans lan.


Apre sa lokatè Primati Repiblik la te deside fè yon kout pye lan lopital referans depatman kise Lopital Sen Antwan.

Pou mete fen lan jounen sa Doktè Chirijyen an te prale fè yon ti bat bouch ak plizyè responsab lapolis lan rejyon an, avan li te kontinye chimen pou li te al pran elikoptè pou rejwen Potoprens, kapital peyi a.

Nap raple, yon delegasyon Pwoteksyon Sivil ak ONG ki prezan sou teren an te deja sou plas lan komisarya Jeremi an depi 8h lan maten pou te rankontrel, Minis lan te akode yo 2 minit selman lan tan li.

Ariel Henry te deside pat rankontre Laprès , ni di yon mo pandan tout dewoulman vizit sila.

REJOIGNEZ NOTRE NEWSLETTER
Et soyez averti chaque fois que nous publions un nouvel article de blog.