A Zeno Media Station

Sa ki di sou manman pèpetyèl sekou nan reyalite peyi Dayiti a

Sa ki di sou manman pèpetyèl sekou nan reyalite peyi Dayiti a

Nan peyi Dayiti, chak 27 jwen se toujou gwo fèt solanèl nan onè manman Mari sou non manman pèpetyèl sekou. Sou vokab sa, gen anpil anpil kretyen ki gen devosyon ak Mari. Se toutan, yo temwanye sa Bondye toujou fè nan lavi yo, paske Lavyèj Mari toujou la pou leve vwa yo nan vwa li, li menm ki plen ak favè a, jan zanj Gabriyèl te dil la (Lik 1,28).
Mari lan non pèpetyèl sekou a, li menm ki se manman Bondye a, yo prezante l nan yon imaj sakre yo rele’l nan lang fransè a « Icône ». Sa soti depi nan yon tan ansyen nan Lagrès. Nan « icone » sa a, tout kretyen yo viv nan Mari Tout Pwisans Bondye nan divès mirak sou tout fòm ki te fèt epi ki kontinye ap fèt. Imaj sakre sa, yo te potel Wòm depi avan lane 1499, selon tradisyon an. Nan peryod la, epi nan kote l te ye a, se pè redanmtoris yo ki te gen chaj pou jere sa. Nan lane 23 jwen 1867, Se Pap Pi IX (nèf) ki te bay imaj sakre sa sans kanonik li nan Legliz la.
Istwa espirityèl sa, nan fè chemen l, kote plis kretyen tap fè anpil eksperyans lafwa ak Bondye lavi toutan, nan atachman yo ak Manman Sovè-a, nan peyi Dayiti, yon gwo mèvèy rive fèt. Te gen yon maladi ki te gaye sou fas tè sa, ki rele « vèrèt », nan lane 1882. Nan kapital peyi a sitou, Pòtoprens, se te gwo soufrans pou pèp la. Nan priyè pèp Bondye a, Manman Bondye a (Theotokos), nan prezans ak sansiblite matènèl li bò pèp sa te entèsede kote Toupwisan an. Depi lè sa, yon gwo mirak byen vit te fèt pou pèp ayisyen an. Peyi a te jwenn delivrans li nèt anba maladi sa. Nan lane 8 desanm 1942, Peyi a te vin konsakre ak Manman Mari sou vokab pèpetyèl sekou. Epok sa, te gen achevèk kapital peyi a, Monsenyè Le Gouaze , avèk tout lòt evèk ki nan lòt dyosèz yo.
Gen anpil pawas ki pote non Mari nan vokab pèpetyèl la. Espesyalman, gen pawas manman pèpetyèl sekou, nan Latibolyè, nan dyosèz Jeremi.
Pawas sa,nan Labolyè a, te fonde nan lane 1956, se Pè Michel Guillomard ki te premye la. Nan lane 1958, se te Pè Joseph Danielo. Nan lane 1962, te gen 3 pè ki te pase la : Pè Raymond Remarais, Pè Pierre Laforest epi Pè Marcel Arnoux. Nan lane 1965 rive nan lane 1977, se te Monsenyè Willy Romelus. Nan lane 1979, se te Pè Emilor Dossout. Nan lane 1980 rive nan lane 1985, se te Monsenyè Alix Verrier. Nan lane 1985 rive nan lane 1990, se te Pè Julien Almonacy. Nan lane 1991, se te Pè Eustache Madelon. Nan lane 1992 rive lane 1993, se te Pè Léopold Goulet. Nan lane 1993-1994, se te Pè Bruno Mercier. Nan lane 1998 rive nan lane 2000, se te Pè Tony Leolien. Nan lane 2000 pou rive kounye-a la, nan lane 2020 an se Pè Dante Daniel.
Solanite sa se yon lòt fason nan Mari ke tout kretyen yo adore Bondye ki sèl li menm merite adorasyon an. Se yon lòt dimansyon nan lafwa kote tout fidèl dwe aprann viv kalite relasyon dirèk ki genyen ant Sila ki sove limanite-a ak Lavyèj Mari. Dimansyon sa, menm si’n pap k rive fini konprann li, eksperyans lafwa n’ap fè chak jou yo dwe fè nou grandi nan bèlte Bondye plen Pouvwa a.
Mari pèpetyèl sekou a, li te fè’n wè mèvèy Bondye deja nan peyi Dayiti nan disparèt maladi « vèrèt » la. Nan peryòd sa, mond lan ap travèse la sitou anba soufrans Kowonaviris, li kapab fè plis toujou pou delivrans chak Pitit Bondye yo ki gaye toupatou. Paske menm jan menm Bondye sa ki te la yè-a, se li ki la jodi-a epi k’ap toujou la pou toutan an, se konsa devosyon ak Manman delivrans lan se ap toujou okazyon pou vwa kretyen yo di byen wo, byen fò ak lafwa ke : pitit Manman Mari pa janm pèdi batay.

Pierre Emmanuel A.

0 0 voter
Évaluation de l'article
JCOM Haiti

JCOM Haiti

S’abonner
Notifier de
guest
0 Commentaires
Inline Feedbacks
View all comments
0
Would love your thoughts, please comment.x
()
x