Pa gen evenman
san JCOM

Yon nouvo lokal tou nèf pou Legliz « Notre-Dame de l’Assomption » lan Nimewo 2

Samdi 22 Janvye 2022 a, an prezans fidèl yo, otorite Legliz Katolik lan Jeremi inogire nouvo lokal Legliz « Notre-Dame de l’Assomption » an lan nimewo 2, yon lokalite ki twouve li sou nevyem seksyon Fon Wouj Dayè.

Gras ak jèfò Pè Jomanas Eustache, ki se responsab Pawas la, Legliz sila ke siklon Matye te kraze a te pral jwen sipò « HAITI MISSION », kite te pral finanse travay rekonstriksyon tanp lan a 78%.

Ansyen responsab dyosèz Jeremi an, Monseyè Willy Romélus, Reprezantan aktyèl dyosèz la, Monseyè Joseph Contrand Décoste, yon elatriye Pè, Sè ak reprezantan Ayiti Misyon te prezan lan mès inogirasyon an.

Albòm : https://www.facebook.com/189110474763661/posts/1669984180009609/?d=n

REJOIGNEZ NOTRE NEWSLETTER
Et soyez averti chaque fois que nous publions un nouvel article de blog.